« Doub dèt la » (Jean-François Brière, Ph.D.)

Brière se pwofesè etid fransè nan Inivèsite Albany. Li pibliye Haïti et la France, 1804-1848 : le rêve brisé (2008).

An 1814, Prezidan Repiblik Ayiti a, Aleksann Petyon, sijere gouvènman fransè pou Ayiti peye yon ranson bay ansyen pwopriyetè plantasyon gouvènman ayisyen an te sezi byen yo, lè peyi a te vin pran endepandans li. Objektif la se te kontwole lòbi [lobby] pwopriyetè plantasyon an Frans yo ki te vle fè yon ekspedisyon militè pou reprann kontwòl koloni an Fransè sa yo te pèdi. Fransè yo pa sanble te enterese lè yo resevwa pwopozisyon an, men yo pral adopte lide a pita, lè yo deside rekonèt endepandans peyi a.

An 1825, anba menas yon anbago sou kesyon transpò sou lanmè, Ayiti te vin objlije asepte kondisyon Lafrans te poze pou li rekonèt endepandans Ayiti a. Andedan kondisyon sa yo nou jwenn pèyman yon ranson 150 milyon fran sou senk lane kòm reparasyon ansyen pwopriyetè plantasyon yo. Dokiman ki pi ba yo bay yon lide sou seremoni pou Lafrans rekonèt endepandans Ayiti a nan Pòtoprens. Li montre patisipasyon ofisye marin fransè tou. 

Ayiti te anmezi pou li peye premye vèsman ranson an an 1825 pandan li ap itilize bon yo te deja negosye nan bous Pari a. « Premye dèt » la te konsène reparasyon pwopriyetè plantasyon yo tandiske « dezyèm dèt » la te konsène moun ki te gen obligasyon pou sa nan gouvènman Ayiti a. Apati 1826, Ayiti te gen tan pa kapab peye de (2) dèt yo, sa te mete otorite fransè yo an kòlè epi yo te menase pou yo fè yon anvayisman militè sou jèn repiblik la. An 1838, yon nouvo trete vin redui dèt reparasyon an a 90 milyon fran (30 milyon ladan li se te pou moun ki te pran angajman nan trete a). Ayiti rive peye tout dèt sa a an 1883.