« Kòd riral Bwaye a » (Paul Moral)

Yon ekstrè tèks Moral ki rele Le Paysan haïtien: étude sur la vie rurale en Haïti (1961). Moral te pwofesè nan Collège des Arts nan Inivèsite Dakar nan Senegal.

Lanmò Kristòf la inifye peyi a sou prezidans Bwaye. Diran ven  pwochen lane yo, te vin gen yon lit ant gran pwopriyetè yo avèk peyizan endepandan yo, ant eksplwatasyon sou gran domèn yo avèk ti domèn agrikòl yo. Distans ki te genyen ant nesesite pou laji komès danre a e pou repann ti pwopriyete agrikòl yo te vin ogmante. Pou defann plantasyon yo kont moun ki ap monte sou ti eksplwatasyon agrikòl yo, gouvènman Bwaye a itilize mwayen tradisyonèl ak taktik ki nouvo. Sa te bay yon politik agrè konplike epi ki pa te fin klè, ki te debouche sou yon seri rezilta moun te kapab konteste avèk sou tatònman, mal konprann, ak tizonnay sou moun.

An 1820, politik boutdi a te vin pran plis fòs. An avril 1820, yon seri nouvo dekrè prezidansyèl ki gen pou wè avèk travayè yo vin pi egzijan. Militè yo vin ap arete vakabon, enspektè agrikòl yo avèk ajan polis riral yo vin pi agresif: « Bwaye bay  divès patwouy ki te gen jandam ak solda yo lòd pou fè sila yo ki te kite travay retounen nan travay oubyen al kannale bò gran chemen oubyen al achte farin enpòte pou fè pen ki sanble tounen prensipal manje nan mitan popilasyon andeyò yo ». Tèz Pòlverèl avèk Tousen Louvèti sou relasyon ant peyizan avèk militè yo retounen: « Si solda a dwe batay pou pwoteje jaden yo epi garanti libète kiltivatè a, alò, sila a, bò kote pa li, dwe travay pou nouri solda a ». 

Men, pwopozisyon difisil sa yo te ede yo kenbe entegrite nasyon an nan yon nivo ki te chaje ak dout. Malgre tou, administrasyon an kontinye denonse akò ilegal sou domèn gouvènman an, akò ki te menase agrikiltè mawon yo… Payizànri a soti venkè nan konfli a [... epi] gran dram agrè nan mitan diznevyèm  syèk la fini avèk eliminasyon ekonomi kolonyal la.