« Peyizan ak Konbit » (Melville Herskovits,1895-1963)

Yon ekstrè lavi Herskovits nan yon vale an Ayiti (1937). Herskovits te ede lanse etid kiltirèl afriken yo. Pi ba a la a, li montre kòman tradisyon afriken yo dire nan zòn riral Ayiti yo.

Lavi agrikiltè ayisyen an senp e otonòm, menm si li difisil. Esepte nan kèk ka, li pwodui sa li bezwen paske li jenere tout teknik nou konnen pou kiltive latè; donk genyen yon mank espesyalizasyon nan ekonomi ayisyen an kote pi gwo mank la se absans divizyon travay la pou kesyon sèks. Jounen travay yo kòmanse byen bonè, fanm yo leve anvan mesye yo pou prepare kafe, bwason yo toujou pran chak maten. Lè li fin dejennen, agrikiltè a al travay nan jaden li, kote, sof pou moman kote chalè a pi fò, li travay jiskaske solèy la kouche, sèl manje li manje pou jounen an, yo pote li ba li vè 9 vè ou 10 zè nan maten.

Menm si travay fizik kifkif la mande pou yo fè konbit, li senbolize lwazi avèk jwisans pou Ayisyen yo — yon sewòm pou fasilite moun travay avèk lòt moun, yon plezi pou badinen avèk zanmi, epi patisipe nan fèt ki make finisman jounen an. 

Sèn nan dewoule nan yon domèn kote yon gwo konbit te ap travay kote yon lòt te fini. Mesye yo fòme yon liy, avèk yon tanbourinè nan tèt yo. Simidò a, ki ap dirije chante a menm jan li ap mache avèk lezòt yo, konfonn rit chanson an avèk rit batman regilye tanbou a, konsa, yo pwolonje tan travay mesye yo avèk mizik yo ap jwe yo. 

Preparasyon lamanjay la se travay fanm nan kay pou bay konbit la manje, yo jwenn èd nan men fanm ki zanmi yo avèk madanm zanmi yo ak madanm vwazen yo. Se pa yon ti aktivite, paske pafwa yo  touye kabrit e menm yon towo bèf pou nouri yon gwo konbit.