« Ejèn Tisran ak franmasonnri » (Henry J. Koren)

Yon ekstrè ki soti nan liv Koren The Spiritans (1958). Koren se te yon pè ki te viv nan Peyiba epi pita nan  Etazini. Nan liv li a, Koren esplike Tisran  te pitit-pitit jeneral ayisyen Lwi Bovè ki te voye pitit li yo viv an Frans pou evite gè sivil ant Petyon ak Kristòf. Tisran grandi an Frans men pi ta li retounen an Ayiti kòm misyonè nan kongregasyon Sentespri yo. Li eseye negosye yon akò Ant Ayiti avèk Vatikan, men yon seri pè vakabon tankou Pè Pyè Sesens, avèk yon seri franmason ki te vle rete endepandan devan Pap la te anpeche sa fèt. 

Lè Revolisyon fransè a eklate, yo te dispèse kèk pè dominiken ak kapisen ki te ap travay an Ayiti. Ti kantite sa ki te rete yo pati an 1804, lè Ayiti pran endepandans li anba Lafrans. Sèl youn oswa de ki rete pou mete yon fòm legliz divize [revòlte] sou pye. Apati 1820, zile a tounen yon azil pou tout kalite pèsonaj yo te kouri dèyè yo nan dyosèz yo oswa nan fyèf yo. Yo pa te genyen okenn kontak avèk Wòm, e prezidan Repiblik la te sèlman nome yo… Lide Voltè yo avèk franmasonnri enbibe lespri moun nan klas dirijan ni sa ki blan ni sa ki pa te blan..

Pè [Ejèn] Tisran rive an Ayiti kòm misyonè nan moman revolisyon an [1843] ranvèse gouvènman an. Apre li fin jwenn otorizasyon pou preche epi administre sakreman yo, li kòmanse negosye avèk gouvènman pwovizwa a nan lide pou rive jwenn yon solisyon nan kriz relijye a. Lè negosyasyon yo te sanble reyisi, Wòm, an janvye 1844, nome li Prefè apostolik Ayiti.

Pandan tan sa a, zile malere a te gen yon epidemi lafyèv jón ki te ap sakaje li. Pè Tisran avèk konfrè li yo atrape maladi a pandan yo ap ede malad yo. Nan mwa dawout 1844, li ale an Ewòp al chèche remèd pou sante li ki te desann anpil avèk yon repons pou difikilte pèsonèl li yo. Pandan absans li, youn nan pè ki rete an Ayiti yo, Pè Sesens, ki gen lanbisyon pou li vin chèf legliz la, kòmanse aji kont prefè apostolik la nan je tout moun epi li reyisi kreye yon opozisyon ki te fò anpil.

An fevriye 1845, lè Tisran retounen nan zile a avèk kat (4) novis espiriten pou ede li nan travay la, yon seri nouvo boulvèsman politik vin eklate. Yon lòt fwa ankò, te vin gen yon nouvo gouvènman Filip Gèrye te ap dirije, e ki pa te anfavè li.  Li te jije ke kontwòl eklesiatik sa te mande  pou yo rekonèt li a pa te aseptab ditou. Lè, malgre pwotestasyon li yo, prezidan Repiblik la rekòmanse nome pè yo jan lide li te di li, kòm pastè, Pè Tisran te vin montre li manke kapasite diplomatik pou li fè fas-kare avèk nouvo sitiyasyon an. Omwen, li te kapab rete an kominikasyon avèk Sen Syèj la pou nome youn nan konfrè li yo Vis-Prefè, men li te pito retire tout pè yo epi retounen an Frans. Dizuit lane ta pral pase anvan pou gwo kriz relijye Ayiti yo te jwenn yon solisyon.