« Jan Demesva Delòm avèk tranblemanntè 1842 a » (Watson Denis, Ph.D.)

Denis se pwofesè istwa ak relasyon entènasyonal nan Inivèsite Leta Ayiti. Li ekri anpil sou  Revolisyon ayisyen an ak sou diznevyèm  XIXèm syèk ayisyen an.

1842 au Cap : tremblement de Terre, se yon ti liv Jean Demesvar Delorme (nou kapab wè pi ba a), se yon dokiman istorik (anvan tout lòt bagay). Se temwayaj yon katastwòf natirèl ki touye prèske mwatye nan moun ki te ap viv nan vil Kap-ayisyen epi ki detwi prèske tout enfrastrikti vil la avèk moniman istorik nan kèk segond.

Jodi a, liv la gen yon gwo enpòtans lè nou konsidere destriksyon avèk soufrans yon lòt tranblemanntè pote an Ayiti 12 janvye 2010. « 1842 au Cap » retounen pou raple nou ki jan sila ki pa bay istwa twòp enpòtans yo kondane pou reviv li plizyè fwa. 

Liv Delòm nan genyen ladan li tou lòt sijè ki kapab enterese nou. Nan dènye paj yo, Delòm pale de pwòp lavi pa li, edikasyon li, antre li nan laj granmoun. Sijè sa yo ba nou enfòmasyon ak anpil gwo lide sou youn nan pi gran pansè ayisyen nan diznevyèm  syèk la.