« Manifès Praslen an » (Beaubrun Ardouin (1796-1865)

Yon ekstrè Etudes sur lhistoire dHaïti, volume 11 (1860) Ardouin an. Ardouin te yon istoryen e responsab politik ki te soutni Bwaye. Nan ankadre pi ba a, Ardouin raple ki jan Bwaye te eseye mete advèsè li, Era Dimèl, sou kote nan Asanble nasyonal la, pou li reponn, Era avèk kouzen li ki se Chal Rivyè, pwoklame yon revolisyon avèk manifès yo te prepare nan Praslen ki se yon abitasyon tou pre Okay, yon vil nan depatman sid.

1e septanm 1842, yon reyinyon swadizan « Sosyete Dwa Moun ak Sitwayen » fèt nan vil Okay. Yo redije epi siyen yon papye yo rele « Manifès ou apèl sitwayen Okay pou sitwayen parèy yo » sou direksyon Era Dimèl. Li ranmase tout doleyans opozisyon an genyen kont prezidan Bwaye. 

Manifès la bay nouvo gouvènman sa a pouvwa pou li fòme yon « Asanble konstitiyan » nan lide pou « kreye yon konstitisyon demokratik ki pou pwoklame souverènte popilè peyi a e etabli prensip pou fè eleksyon nan moman ki posib pou pòs kle nan fonksyon piblik la, pami yo pou prezidan an tou.  

Yo chwazi sitwayen Chal Era, chèf rejiman atilri Okay la, [pou li vin prezidan]. Li siyen yon dokiman kòm chèf Egzekitif la.

Gwoup rebèl Praslen yo te pran wout Ansavo le 31 mas lè rebèl Jeremi yo deklare yo kont gouvènman an tou epi yo pran zam yo.

Twoup [gouvènman] an yo te deja rive Leyogàn. Men atak yo a pa te grav nan vil sa a. Enfantri [Bwaye] a batay pandan yon ti tan tou kout. Ansuit, gad nasyonal ki soti Pòtoprens lan avèk lòt rejiman vin rejwenn yo.

A 2 zè nan aprèmidi dimanch 12 mas, yo enfòme Bwaye sou sa ki rive Leyogàn nan. Lè li konsidere estrateji batay la, Bwaye kòmanse prepare depa li sou yon bato anglè. Mwen [Ardouin] ale nan palè a epi mwen jwenn li poukont li (tou sèl). Okenn nan fonksyonè pa te vin wè li pandan plizyè jou. Se yon espektak ki kirye oubyen ki tris kote yon lidè politik tonbe anba yon revolisyon ki reyisi paske tout moun te abandone li. Tout moun te ap eseye fè sa yo kapab ankachèt pou yo pa parèt kòm moun ki ap manniganse kont nouvo pouvwa yo pral monte a.  Solèy kap leve a briye plis pase sa ki te ap pare tèt li pou li kouche a.