« Konstitisyon an avèk Pikè yo » (Mimi Sheller, Ph.D.)

Sheller se pwofesè sosyoloji e direktè  sant “Mobilities Research and Policy”  nan Inivèsite Drexel. Li ekri plizyè liv tankou Democracy After Slavery (2000), Consuming the Caribbean (2003), epi Citizenship from Below (2012).

Anpil moun panse Ayiti pa te genyen demokrasi anvan eleksyon 1986 yo. Poutan, te konn genyen eleksyon, konstitisyon demokratik, avèk plizyè mouvman pou demokratizasyon peyi a pandan tout  diznevyèm syèk la. Youn nan mouvman ki pi enpòtan se « Revolisyon liberal » 1843 a, ki te ranvèse prezidan Janpyè Bwaye epi ki te mennen yo elabore yon nouvo Konstitisyon. 

Li kòmanse avèk Manifès Praslen an, yon Sosyete sekrè pou Dwa Moun ak Sitwayen kote yo te fè Asanble jeneral premye  septanm 1842 nan Praslen, yon pwopriyete jeneral Chal Rivyè Era, tou pre Okay. Yo fòme yon gouvènman pwovizwa nan lespri pou konbat enjistis gouvènman otokratik Bwaye a. 

Manm opozisyon an fas a Chanm Reprezantan yo te ankouraje demokrasi, se menm bagay la pou yon seri jounalis animatè tankou Dime Lespinas ki te redaktè an chèf « Le Manifeste »: jounal komèsyal, politik ak literè (Pòtoprens, 1841-1844), ekriven Emil Ètelou, editè Telemon Bouchwo ki te sekretè yo te eli nan Asanble konstitiyan an ki te ekri nouvo Konstitisyon an. Leve-kanpe kont Bwaye a fòse misye pran lafuit pou Jamayik, ansanm avèk tout fanmi li, le 13 mas 1843.

Menm si jeneral Era vin prezidan, kèk nan moun ki te vote li yo estime li reprezante enterè diferan gwoup militè yo kote pi fò nan yo se te ‘milat’; yo monte kont li yon « pati demokratik » ki te genyen Salomon Jèn nan tèt li. Pati sa a te pretann reprezante "nwa" yo. Revandikasyon yo pou yon pi gran egalite sosyal mennen nan leve-kanpe 1844 la yo te rele Rebelyon Pikè yo, Janjak Akawo te ap mennen. Se te yon chèf polis riral ki te ap revandike dwa peyizan yo avèk ti pwopriyetè latè yo. 

Lame Akawo a ki te  rele « Lame Moun Kap Soufri » [Army of Sufferers]  rasanble pèp la avèk yon kout kòn lanbi. Yo te mete rad peyizan sou yo, yo te ap rele byen fò « Respè pou Konstitisyon an, pou Dwa, Egalite, Libète ». Yo monte yon mouvman popilè ki kontinye nan finisman  diznevyèm syèk la avèk Kako yo ki te fè fas kare avèk okipasyon ameriken an nan kòmansman ventyèm  syèk la, yo pa te gen tan jwenn sa yo te ap chèche a lè mouvman demokratik la te vin relanse epi kapote sou pouvwa gouvènman Janklod Divalye a.