« Politik doub fas la » (Kimite redaksyon Zile limyè a)

Menm si patizan Era yo pa te aplike dispozisyon legal Konstitisyon 1843 a yo, senp pwopozisyon refòm sa yo te mete sou kote ansyen elit ki  te ap soutni Bwaye yo. Patizan Bwaye yo, ki genyen nan tèt yo Bobren Adwen, metrize patizan Era yo epi fòse yo pati an egzil.

Men, ansyen patizan Rivyè Era yo nan sid yo te rele « Praslinit » te deja montre yon konpòtman popilis ak demokratik ki anpeche Adwen oswa yon lòt milat nan elit la pran pouvwa a jan Bwaye te fè sa nan je yo a. Pandan tan sa a, Adwen chwazi Filip Gèrye, yon nwa ki te yon ewo nan lagè popilè Batay Vètyè a, pou aji nan non yo.

Pratik delegasyon pouvwa nan mitan elit la te vin tounen prensipal règ politik doub fas la. Menm si Gèrye te prezidan, patizan Bwaye yo te konn pase lòd. Jis aprè li fin monte sou pouvwa, fèzè wa yo kòmanse okipe gwo fonksyon (jwenn gwo pòs). Gèrye nome Adwen minis Jistis.

A prèske 90 zan, prezidan Gèrye mouri nan fonksyon prezidans lan mwens ke yon ane depi li te prezidan. Mesye ki te mete li sou pouvwa a yo monte yon konsèy kote yo chwazi yon moun pou ranpli fonksyon prezidan an, non li se Janlwi Pyewo. Kòm li te bòfrè Anri Kristòf, Pyewo te plis popilè nan nò, men pa nan sid. Konsèy la kontinye politik doub fas la epi li suiv Praslinit yo avèk anpil atansyon, malgre tou yo fè rebelyon, men yo te bloke mouvman yo a. 

 
Lè Pyewo fin konbat opozan lokal yo, li vire gade Repiblik dominikèn. Li te kwè ke  endepandans peyi sa a se  yon posiblite pou enperyalis ewopeyen an toujou rete nan Ispanyola. Dominiken yo, bò kote pa yo, te detèmine pou dejwe anvayisman ayisyen an. Yo pran zam yo e yo al afwonte anvayisè ayisyen yo sou diferan pwen fwontyè yo.

An 1846, solda lame d Ayiti yo fache. Kòmandman an pase lòd pou kontinye atake. Men, olye yo egzekite lòd la, yo te prefere soutni jeneral Janbatis Riche ki te ap mache sou Pòtoprens epi ranvèse gouvènman  Pyewo a. Poutan, Riche pa kraze konsèy la. Olye pou yo fè ènmi avèk mesye ki te ap soutni jeneral ki te la anvan li yo, li prefere rebatize konsèy sena a epi li dakò vin prezidan avèk sipò li (konsèy la).