« Ayiti ak Repiblik dominikèn » (Eugenio Matibag, Ph.D.)

Matibag se pwofesè espànyòl ak etid sou Amerik Latin epi li se direktè sant pou etid entèkiltirèl nan Amerik la nan inivèsite leta Iowa. Li se otè : Haitian-Dominican Counterpoint:Nation, State, Race on Hispaniola (2003).

Depi lè wa fransè Franswa I (1515-42) te mande ki moun ki te mouri kite Lamerik pou Espànyòl  ak Pòtigè yo, gwo kontestayson sou revandiksyon sa yo te konn rele « la Isla Española » te kòmanse. Annefè, chanjman politik ki fòme yon fontyè 374 kilomèt jounen jodi a te gentan di sa n ap vin rele Ayiti ak Repiblik dominikèn yo gen pou pataje yon istwa ki chaje ak tibilans. Istwa pataje sa a kòmanse depi lè boukanye ak kòsè fransè te ap anpyete youn sou lòt nan nòdwès Ispànyola, kote yo te ap chase bèt sovaj, epi kreye yon kòmandman kolonyal; aktivite sa yo te vin pi plis toujou apre devastasyon 1605 lan ak depèpleman zòn nan, jan gouvènman kolonyal espànyòl la te mande sa. Ekonomi plantasyon nan Sendomeng te pwodui kondisyon pou mawonnaj, revòl esklav ak pou vilaj moun ki te ap sove soti nan tou de bò koloni yo te fonde. Trete Riswik la, ki te tou mete yon bout nan gè lig Augsbourg a, te bay teritwa fransè yo te ap mande yo; trete Bal la nan lane 1795 te remèt Lafrans pati espànyòl yo, yo te kenbe yo jiskaske Espay repran yo ankò nan lane 1809.

Malgre Tousen Louvèti te pran angajman rete lwayal anvè Espànyòl yo nan premye lane revòl la an 1791, li te chanje ale nan kan Fransè yo nan lane apre a, lè komisè jiwonden Sonntonaks te vini ak yon koze egalite nan dwa Ayisyen ak Fransè yo ki pa te fin sèten. Janjak Desalin  ki te pwoklame endepandans Ayiti nan lane 1804, te voye 25 000 twoup nan lane 1805 nan pati lès la kote yon ganizon fransè te kanpe, nan kapital dominiken an sou lòd Lwi Feran.

22 lane dominasyon fòs ayisyen yo ak chèf yo Janpyè Bwaye sou Santo-Domingo, soti 1822 rive 1844, reprezante pou Dominiken yo menas lòt moun  ki te abite zile a mete pou yo, e Dominiken yo ap endepandan nan finisman lane sa a, men se p ap yon separasyon ak « manman peyi a » jan yo di a, men yon separasyon ak okipan ki soti nan peyi vwazen an. Envazyon pati lès prezidan ayisyen an Fosten Soulouk te kòmande nan mitan diznevyèm syèk la te fèt non sèlman nan entansyon pou rekonkeri teritwa dominiken an men tou pou pa kite Espànyòl yo remete men sou Ayiti, sa ki te ka fèt apati yon Sendomeng rekolonize.