« Jefra ak Soulouk » (Antoine Michel)

Yon ekstrè nan dokiman Antoine Michel : Avènement du général Fabre Nicolas Geffrard àla présidence dHaiti (1932). Michel se te yon istoryen, entèlektyèl ayisyen. Menm jan ak Lwi Jozèf Janvye, se te yon nwaris ki te kwè milat tankou Fab Jefra te esplwate nwa tankou Fosten Soulouk pandan tout istwa peyi d Ayiti. Michel dekri avèk santiman anpil rankin jan Jefra ak lyetnan li, Fizeme, te trayi Soulouk epi pran pouvwa a.

Kòm prezidan Jefra pa te janm bliye favè anperè ak enperatris la te fè li, li te swete anyen mal pa rive ni li ni yon manm nan fanmi li. Jefra te di jeneral Fizeme Soulouk te sou kont li e piga yo touche pa menm yon grenn cheve nan tèt li.


Yon detachman enfantri gad repiblik la ak jeneral Fizeme nan tèt li, epi plizyè ansyen jeneral ak ofisye te eskòte anperè a, soti devan lakay li, soti nan ri Lareyinyon rive nan konsila fransè a nan kwen ri Bònfwa ak ri Magazen Leta a pye.

Sou lòd jeneral Fab Jefra, jeneral Fizeme te ale nan konsila fransè a pou li bay lèt demisyon Soulouk. San dout se Damien Delva, ki te ekri li, e anperè a te siyen li. Men sa lèt demisyon an di: « Ayisyen, volonte pèp la te rele mwen pou dirije desten Ayiti, tout preyokipasyon mwen, tout fòs mwen te toujou sèvi pou byennèt sitwayen mwen yo ak pou peyi mwen vin pi rich. Mwen espere mwen ap toujou ka konte sou afeksyon moun ki te mete mwen nan tèt pouvwa a, men dènye evènman ki sot pase la yo pa kite pyès dout sou vrè santiman sitwayen mwen yo. Mwen twò fidèl ak peyi mwen pou mwen ezite epi sakrifye enterè ki bon pou tout moun. Mwen kwè mwen dwe demisyone nan gwo pòs mwen te genyen an. Mwen abandone e grenn swè mwen se pou Ayiti kontan jan kè mwen te toujou dezire ».

Jeneral Fab Jefra te ale legliz pou asiste mès aksyon de gras la… li te fè yon diskou ki te esplike objektif ak prensip revolisyon an. Apre seremoni an, li te vizite vil la, kote yo te dekore kèk kay ak drapo blan. Answit li te tounen nan palè anperè a.