« Etazini rekonèt endepandans Ayiti » (Tim Mattewson, Ph.D.)

Mattewson ap travay kòm konseye, nan Washington, D.C. Li se otè A proslavery Foreign Policy: Haitian-American Relations during the Early Republic (2003).

Rekonèt Etazini te rekonèt Repiblik d Ayiti an 1862 se pa yon sijè senp tankou sa nou te ka panse. Kòm Gran liy nou ka di Abraham Lincoln rekonèt Repiblik d Ayiti apre separasyon eta nan sid yo.

Eta nan sid yo te gen gwo pouvwa ni nan sena a ni nan chanm reprezantan yo. E reprezantan nan eta sid yo te anmezi pou yo bloke rekonesans ofisyèl Ayiti aprè deklarasyon endepandans ofisyèl  Desalin nan 1e janvye 1804.

Komèsan ameriken yo te toujou swaf fè zafè ak Ayiti e yo te kontinye bay presyon pou yo rekonèt endepandans Ayiti a, men sidis yo te resevwa petisyon yo a ak menas separasyon ak dezinyon.

Men, an 1813, administrasyon James Madison nan te deside tranpe kasav pou komèsan yo, li te mete kèk ajan komèsan nan tout gran pò ansyen koloni an nan lane 1813, nan lespwa pou yo te jwenn sipò komèsan yo anfavè politik lagè yo a, kòm Etazini te nan lagè an 1812.