« Pwosperite nan mitan XIXèm syèk la. (Benoit Joachim)

Yon ekstrè Les racines du sous développement en Haïti (1979). Joachim se te yon istoryen ekonomi Ayiti ki gen anpil repitasyon. Liv li a te genyen  Pri Deschamps.

Peryòd soti 1860 rive 1864 te sanble yon moman presye.  de faktè alafwa te rann sa posib: 1) yon pwogresyon  nan ekonomi boujwa yo, jèn patizan fòmasyon pwofesyonèl yo ki te konn eksprime yo nan jounal, tankou Lavenir, Le travail. 2) gè sivil ki te gen Etazini te koz koton vin ra epi koute tèt nèg, sa ki te ankouraje Ayiti pwodui li. Se te moman kote kafe Ayiti yo te pote Place de Marseille yo te koute kòb yo pa te wè depi 1824.

Nan kondisyon sa yo, ajoute sou mezi gouvènman an te pran, pou konstwi moulen mekanik pou ranplase sa ki te mache ak pye yo, pou envite imigran vin Ayiti kiltive koton epi bay moun anvi fè sa, pwodiksyon yo te ogmante epi tranzaksyon yo te fleri pi plis pase nan dizèn lane avan yo.

Men efondreman an te pral brital. Finisman gè sivil Etazini an te tou lakoz pri koton ansanm ak lòt pwodui Ayiti yo bese.