« Eli Dibwa ak edikasyon Fanm yo ». Madeleine S. Bouchereau (1905- 70)

Yon ekstrè nan liv Bouchereau: Education des Femmes en Haïti (1944). Bouchereau se te yon lidè feminis ki te fonde « Ligue Féminine d’Action Sociale ». Menm si li te rekonèt kontribisyon Eli Dibwa nan edikasyon an Ayiti, li te kritike jan yo te edike jèn fanm yo pou travay nan kay sèlman.
Nan lane 1859, te gen karantnèf  lekòl primè pou tigason, de  lekòl pou tifi, epi twa lekòl segondè. Anba lidèchip prezidan Jefra ak minis edikasyon piblik li a, Eli Dibwa, kantite lekòl yo te ogmante anpil. Nan mwa oktòb 1861 te gen desan karannde  lekòl piblik.

Mete sou sa yo te voye anpil jèn nan peyi etranje pou fin konplete etid yo ak sipò gouvènman an. Men, yo te bay bous sa yo nan lide pou fòme fiti lidè peyi a, yo pa te bay fanm yo. Sepandan fanmi ki te gen kòb yo te kòmanse voye pitit yo, fi kou gason, an Frans, kote yo te ap pèfeksyone edikasyon yo. Jeneralman, yo te voye fanm yo nan kouvan kote yo te ap anseye menm jan ak fanm an Frans yo nan peryòd sa yo. Lwa 1860 lan te pèmèt gouvènman an kreye nouvo lekòl pansyon pou fi yo nan pwovens yo... nan lekòl primè pou edikasyon fi yo, te tou gen ni ansèyman elemantè ak pwofesyonèl: « kòm ansèyman primè: lekti, ekriti, jeyografi d Ayiti. Kòm ansèyman pwofesyonèl: kouti, alamen ak alamachin, triko ak bwodri. » Nan lekòl sa yo, lematen se te pou klas aprèmidi yo pou atizana.

Nan yon rapò pou prezidan an nan mwa mas 1860, Eli Dibwa te deklare: « Lekòl pou fi yo nan vil sa gen tout sa ki nesesè pou ofri bon edikasyon. Sa nan men fanm ki respektab epi entelijan, avèk bon pwofesè-edikatè, yo ap akonpli objektif gouvènman an san mank. Laba a, yo aprann bwodri ansanm ak lòt travay egwi. Sa yo se travay ki enpòtan anpil pou jèn fi ki jwenn edikasyon ki mache ak sa yo bezwen ki ap pèmèt yo itil tèt yo demen. » Nan rapò a, nou wè aklè lide Fenelon ak Wouso yo te popilè an Ayiti, lekòl pou fanm yo te pare yo pou fiti wòl yo. Travay yo te konsidere kòm travay ki pou fanm sèlman, tankou kouti ak bwodri, toujou kontinye jounen jodi a, yo pran twòp tan nan lekòl fi yo nan plas etid inivèsitè.

Gras ak konkòda yo te siyen ak Vatikan an 1860, lòd legliz katolik yo te kòmanse jwe yon pi gwo wòl nan edikasyon jèn an Ayiti. Apati moman sa a, kouvan yo te ap jwe menm wòl yo te ap  jwe an Frans.
Kat sè Sen Jozèf Kliny yo te rive Ayiti nan dat 5 jen 1864.

Fi Lasajès yo te fonde premye lekòl yo nan vil Pòdepè nan dat 11 novanm 1865.

Lekòl sa yo ki te gen fransèz kòm direktris te kontribiye nan kenbe nèt ale metòd fransè yo ak edikasyon tradisyonèl yo te bay nan kouvan yo.