« Migrasyon Afwo-Ameriken yo Ayiti » (Matthew Clavin, Ph.D.)

Clavin se pwofesè Asosye nan istwa nan inivèsite Houston. Clavin se otè : Toussaint Louverture and the American Civil War: The Promise and Peril of a Second Haitian Revolution (2010).

Pandan tout diznevyèm  syèk la, Ayiti te yon moso lespwa pou Afwo-Ameriken yo. Sa te lakoz plizyè mouvman te fèt pou kolonize Afwo-Ameriken lib kòm esklav nan nasyon ki te fèk endepandan an. Premye mouvman ki te kòmanse rèd rèd dis (10) lane apre endepandans Ayiti a te gen yon siksè limite, kòm li te jwenn opozisyon fewòs moun ki te vle Afwo-Ameriken yo rete goumen pou dwa sivil yo Etazini. Nan dizèn lane apre yo, mouvman emigran Ayisyen yo te resisite paske anpil Afwo-Ameriken te fristre paske gouvènman ameriken an te asepte ni esklavaj ni sipremasi blan yo. Mouvman sa a ki te gen nan tèt li dirijan politik ak legliz tankou Martin Delany ak James Theodore Holly akyon abolisyonis blan radikal yo rele James Redpath te kòmanse elaji popilarite li pami Afwo-Ameriken yo ni Etazini ni Kanada.


Apre  de  mouvman sa yo, petèt 20% nan nwa ki te lib nan nò Etazini yo te emigre Ayiti nan karant lane ki te vin avan gè sivil la. Plizyè santèn Afwo-Ameriken ki te soti nan sid te emigre an Ayiti tou. Menm Frederik Douglas, ansyen esklav mawon, yon advèsè kolonizasyon nan tan pase, te gen lide emigre Ayiti a tou. Nan prentan lane 1861, li te fè plan vwayaje ale sou zile a  pou li eksplore pèspektiv li kòm plasman pou emigran nwa yo. Men kòmansman lagè sivil la te anpeche li fè vwayaj la.

Emigrasyon Ayiti a te bite sanzatann, pifò nan imigran ki te kite Nò Amerik la pou ale Ayiti te retounen ankò. Kwazman ak kilti frankofòn, katolik, epi twopikal Ayiti a te pote gwo difikilte pou pwotestan ki te pale anglè ki te abitye ak klima nò Etazini ak Kanada ki te pi tanpere. Sepandan volonte yo te genyen pou fè Ayiti tounen pwòp kay yo, menm si se te pou yo ti bout tan, se temwayaj egzistans yon idantifikasyon rasyal pisan, youn ki chita nan lanmè Karayib la ki siyonnen Oseyan Atlantik la epi mare ansanm tout gason, tout fi ki gen rasin yo an Afrik