« Afè Bizoton an ». (Laënnec Hurbon, Ph.D.)

Hurbon se pwofesè Teyoloji ak Sosyoloji nan Centre National de la recherche Scientifique a Pari epi nan Inivèsite Quisqueya nan Pòtoprens, li ekri anpil liv, tankou: Le barbare imaginaire (1988) ak Voodoo: Search for The Spirit (1995).

Kòm prezidan Repiblik d Ayiti a, soti 1859 rive 1867, Fab Jefra Nikola te resevwa eritaj pwojè pou fè rekonsilyasyon ant Leta ayisyen ak Vatikan an pwogrese, yon sijè yo pase anpil lane ap negosye depi lane 1820. Pandan peryòd tan sa a, yo te konsidere legliz katolik kòm sèl enstans entènasyonal ki ka rekonèt endepandans Ayiti, paske pisans Ewòp yo ak Etazini te refize kondane  esklavaj. Lè Ayiti vin endepandan an 1804, li te parèt yon move egzanp pou lòt koloni nan Karayib la. Alò, lè yo te siyen konkòda 1860 la, se te tankou yon viktwa diplomatik pou Ayiti, epi Katolik te tounen relijyon ofisyèl Leta, avèk misyon pou yo fè sivilizasyon oksidental krisyanis la pase, nan Edikasyon ak bous pou etid ki te administre pa majorite  kongregasyon ki soti an Frans (Pè Sentespri yo, Frè Enstriksyon Kretyèn yo, Sè Sen Jozèf Klini yo) te konn bay; yo te gen  misyon tou pou retire nan kilti tradisyon afriken yo tankou vodou, yo te konsidere an Ewòp kòm yon tras sosyete ki primitif (pi pa devlope) yo.

An desanm 1863, nan soti Pòtoprens, nan Bizoton, Jàn Pele, yon jèn fanm ansanm ak sè li, Kongo Pele yon manbo, te deside sakrifye pwòp nyès yo, nan yon seremoni. Rimè zak kanibalis sa a te kòmanse kouri byen vit nan tout kapital la, sa ki te tounen ak tout ansyen krent tout ansyen enkyetid. Anba tòti (zak kraze zo), yo te rive jwenn koupab byen rapid, uit sispèk te pase kòm konplis epi resevwa kondanasyon amò. Jounal Le Moniteur 29 fevriye 1864, sou evènman sa a, te dekri vodou Ayiti a kòm: « yon kil brital... ki soti nan kwen sonb Afrik la ». Afè Bizoton an te tou sèvi pou bay konsepsyon yo te deja genyen sou vodou ayisyen an plis fòs, sa ki te ouvè pòt pou kritik ak ankèt ki ap vin apre, ki te gen pou objektif retire yon fwa pou tout pratik sa a sou zile a.

Mesye Spencer St. John, ansyen konseyè  anglè Ayiti a, te sèvi kòm obzèvatè lavi nan vil ak pwovens yo nan Ayiti nan diznevyèm  syèk la. Yo te pibliye sa li te obsève yo nan liv : Haiti or the Black Republic (1844). Andedan liv sa a, nou jwenn li rakonte pratik kanibal ki enteresan, sakrifis moun, ak sòsèlri, tout sa yo te pase kòm pratik pou yo detwi pou Ayiti antre nan mond sivilize a. Yo te tradui liv sa an fransè, e li te vin popilè anpil, pami lòt ensidan li te rakonte sa ki te pase nan afè Bizoton an nan bon detay men liv la te ale nan sans sa yo te ap di e panse nan moman li te parèt la. Zèv sa a te sèvi pou bay vizyon yon nasyon ki plante nan yon tirani san sivilizasyon akoz pratik vodou yo.

Youn nan karakteristik kanibalis la se kapasite li genyen pou li fè opozisyon ant soysyete ki sivilize yo ak sa ki pa sivilize yo parèt. Kanibalis an Ayiti se te zafè endyen ki te reziste ak konkèt espànyòl yo ansanm ak tribi afriken yo te asosye ak premye efò kolonizasyon peyi Ewòp yo. Tank ewopeyen te ap gen plis kontak ak kilti sa yo se tank istwa yo  te ap sikile. Paske yo pa te konnen twòp bagay sou relijyon an, yo te kritike vodou ayisyen an anpil pandan diznevyèm XIXèm syèk la. Anplis imaj fantastik ki te parèt akoz premye estimasyon sa yo, ide  kanibalis nan vodou ayisyen an mache jeneralman avèk konminezon majik epi reprezantasyon tradisyonèl de kapasite pou devore nanm (èt)  sikolojik lòt moun. Kontrèman ak premye lide sa yo, kote kanibalis jwe wòl kiltirèl yo, souvan li antre nan yon sistèm kwayans ki devlope anpil, ki konplèks anpil.