« Kap-ayisyen ansèkle » Demesvar Delorme (1831-1901)

Yon ekstrè nan liv Delorme Reflexions Diverses sur Haiti (1873). Delorme se yon entèlektyèl, yon òm politil ki te anfas prezidan Gèrye. Lè Silven Salnav, rival Jefra te ap mache sou Kap-ayisyen avèk yon ti lame milis dominiken, Delorme te antre nan revolisyon an. Pi ba, Delorme dekri kijan Jefra te pyeje Salnav nan vil Kap-ayisyen. Kan revolisyon an te pase. Salnav ak Delorme te sove abò USS DeSoto.

Lè nan mwa me 1865 Salnav, yon sèl kou, te anbake nan tèt yon gwoup gason ki soti nan forè peyi Dominikani... mwen te ap viv Kap-ayisyen nan sitiyasyon kè sote. Gouvènman an te ap  pèsekite mwen an sekrè, paske nan lachanm nan mwen te ap sipòte depite ki pa te nan bon kan yo...

Nan pwennvi pa mwen, mwen te rayi gouvènman sa a, li pa te itil peyi a anyen, li te ap touye moun san rezon. Mwen te vle chavire li. Men mwen pa te antre nan konplo yo te konn òganize prèske chak mwa yo. Mwen te pè konsekans ajitasyon yo.

Salnav te pran vil Kap-ayisyen a 5 è nan maten. Militè ansanm ak lidè sivil yo te ale jwenn li a 8 è ou 9 è konsa apre sa, laplipa abitan vil la te rann tèt yo, sa ki fè se te yon revolisyon... mwen te rejwenn yo nan ta. Mwen te ezite foure tèt mwen nan zafè sa a. Men yon fwa mwen te deside antre  mwen te santi devwa ak lonè mwen te kenbe m.


Revolisyon an te kanpe nan lari Ènri akoz li te ap mache piti piti nan premye jou yo. Twoup gouvènman yo te mache pran vil Kap-ayisyen epi yo te ansèkle li. Danje sa a ki te ap avanse a pa te lakoz mwen abandone kòz sa a mwen te pran an, menm si mwen pa te premye moun ki te antre nan revolisyon an, mwen pa te ap premye moun ki pou ba li do. Mwen pa te ap abandone. Mwen te kwè se te devwa mwen pou mwen pa abandone vil la bay touman ki te ap  menase li.  E mwen te ap rete nan pòs mwen nan moman difisil sa a epi rete kontrekare vyolans sa a ki te soti nan sitiyasyon eksepsyonèl sa a jan mwen te kapab. Sa se wòl mwen te jwe lè yo te asyeje vil la, kòm se sa ki te nan pouvwa mwen. Mwen espere ap gen moun san pasyon ki ap gen pou bay temwayaj efò mwen yo, lannuit kou lajounen, pou kwape lamizè ak kawo nan mitan yon popilasyon ki te ap soufri ak grangou.

Aprè senk mwa anba yon anvayisman, abitan yo te kontrekare ak kouraj, Kap-ayisyen te tonbe finalman anba men gouvènman an ki te jwenn èd etranje. Mwen te ale an egzil, 8 mwa apre sa gounvènman an te pran so pa li. Mwen te nan peyi Bèljik... mwen te tounen, men anpil tan apre chit gouvènman an. Mwen te tounen san ezitasyon, san anbisyon, mwen te kontan retounen nan peyi mwen vivan, sa ki te nan tèt mwen se te rèv mwen te ap cheri, viv yon vi pezib an pwovens ak liv mwen yo.