« Lagè Salnav la. » (André Georges Adam)

Yon ekstrè de  Une crise haïtienne, 1867-1869: Sylvain Salnave (1982) ke istoryen Ayisyen  André Adam ekri. Nan dokiman ki pi ba a, Adam esplike kijan Salnav te anboche « pikè yo » yon gwoup solda peyizan pou konbat advèsè li yo. Malgre sa, Ayiti byen bonè te divize an twa repiblik, youn Salnav ap dirije, lòt yo se Michèl Domeng ak Nisaj Sajè ki te nan tèt yo. Lagè sivil la – ki te prèske fèt nèt abò bato mèsenè ameriken yo - te bout lè yo te kaptire Salnav nan wout li sou fwontyè dominiken an.

Malgre Leta te ap konbat toutbon ak èd fanm Bèlè yo ki te ap soutni Salnav, sa pa te sifi pou desann presyon rebèl yo te mete sou vil la. Salnav te deside pran konsèy nan men minis li, Nima Rigo, dapre Antenò Fimen, li te gen bon lyen ak ansyen patizan Janjak Akawo yo, li te ka mande èd peyizan nan lwès yo ak sa nan sid yo: pikè yo. Konsa, lit politik la te tounen yon lagè sou pwoblèm sosyal yo. Lidè peyizan yo te mobilize peyizan yo nan enterè Salnav.

19 sektanm 1868, Nisaj Sajè fonde yon repiblik nan nò. Soti nan nò rive Akayè, sèl Kap-ayisyen pa te ladan, tout nòdwès la esepte Pòdepè ak Molsennikola pa te ladan, tout depatman Latibonit la te ladan esepte Gonayiv.

21 sektanm 1868, Michèl Domeng te mete repiblik li sou pye nan Sid la. Fwontyè jewografik li te gen ladan tout vil nan sid yo, sof nan mòn yo, abitan mòn yo te sipòte Salnav. Lavil Jakmèl te antre nan repiblik Sid la tou, Okay se te kapital repiblik sa a.

Ak flòt li yo, repiblik nò a te pran nòdwès, depatman Nò a ak depatman Latibonit. Lidè repiblik sa a, pami yo jeneral Bris ak Bwawon Kanal te kwaze nan vil Senmak pou devlope dènye estrateji yo. Yo te atake kapital la yon dezyèm fwa. Men rezilta yo te diferan fwa sa a. Rebèl repiblik nò yo te ap kòmande nan lannuit 17 desanm 1869 yon gwo bato lagè pisan, yo te rele li « The Terror » (Laterè). Li te ba yo avantaj la e Salnav te resi tonbe. Frap kout kanno bato a te esploze palè nasyonal la

.