« Buenaventura Baéz ak Etazini »  Rayford Logan (1897-1982)

Yon ekstrè liv Logan Haiti and the Dominican Republic (1968). Logan te yon lidè pou dwa sivil Afwo-Ameriken yo, yon istoryen, yon anti-enperyalis.

Soumisyon volontè pou rebay Espay pouvwa sou Repiblik dominikèn, lidè Dominiken an Pedro Santana te asepte a, sandout se yon bagay san parèy nan listwa kolonyalis modèn nan. Mannèv sa yo te la pou echwe depi nan kòmansman. Espay pa te ka pouswiv ak yon politik efikas. Paske nasyon an te fèb epi rèn nan te yon viktim enkapab anfas tout kont-maltaye ki te gen nan palè a.

Espay egare sa a te retire tout lide nan tèt Santana nan dat 28 mas 1862 li te demisyone. Se Gregorio Luperón youn nan ti kras nwa yo ki te lidè revolisyon an, yon ewo dezyèm endepandans Repilik dominikèn nan.

Malgre Etazini te deklare tout bagay trankil nan  14 dawout, peyi a pa te gen gouvènman nasyonal, paske avan sa, antèt gouvènman pwovizwa a te demisyone anfavè jeneral Cabral yon ansyen alye Jefra yon ènmi Salnav... men yon gwoupman jeneral Pedro Guillermo, yon patizan nwa Buenaventura Báez, te jete Cabral, le 8 desanm 1865 Báez te kòmanse twazyèm manda li kòm prezidan.


Te gen 2 pati ki te parèt - wouj yo te ap sipòte Báez, ble yo te gen kòm lidè prensipal Luperón, Cabral, ak jeneral Pedro Antonio Pimentel. Menm jan an Ayiti dizan pita, Pati liberal ak Pati nasyonal te nan afwontman pou pouvwa, kèk prensip debaz te divize de pati sa yo... rivalite yo te kenbe peyi a nan ajitasyon san rete jiskaske jeneral Ulises Heureaux vin prezidan nan lane 1882.  Ayisyen te antre nan afè Dominiken, Dominiken te antre nan afè Ayisyen sa ki fè ke enstabilite a te vin pi plis. Enterè ki te reparèt bò kote Etazini ak nesesite lajan etranje yo te genyen ki te klè te pi enpòtan toujou.

An 1862, Kazno ak kolonèl Jozèf W. Fabens te mete yon konpayi sou pye nan Karayib la ki gen pou objektif devlope gwo plantasyon koton yo te planifye pou itilize esklav ki soti Etazini sou yo... lè Frederick Seward pitit sekretè deta Etazini te vizite peyi a nan kòmansman lane 1866 pou detèmine atitid Báez sou koze lwe oubyen vann Etazini bè Samana a, Kazno te asire sekretè Seward Baéz te pou plan an, e li te asire yo li nesesè pou pwoteje lajan ameriken yo epi anpeche  envazyon Ayisyen yo.... se konsa, nan mwa oktòb, Báez te pwopoze mete tout Repiblik la sou yon pwotektora Ameriken.