« Báez, Etazini ak Chal Soumè »  Sumner Welles (1892-1961)

Yon ekstrè liv Welles la Naboths Vineyard: The Dominican Republic, 1844-1924 (1928). Welles te komisè sipèvizè lè Etazini te okipe Repiblik dominikèn an 1920 yo. Pita, li te tounen Sekretè deta Prezidan Franklin D. Roosevelt.

Lanmò Salnav, yo te egzekite devan je tout moun, ajoute sou estabilite retrè  li sou sèn politik la te pote pou jeneral Nisaj Sajè, ki te pwoklame tèt li Prezidan Ayiti, te montre klèman ke  Báez [ki te rival dominiken Sajè] pa te kapab konte sou konkou Ayiti ankò pou li kontre aktivite revolisyonè Dominiken ki te an Ayiti yo.

Poutèt sa, Báez te lanse yon apèl bò kote gouvènman Washington nan pou ede li. Pou reponn demann li a, gouvènman ameriken an voye sou plas yon kantite bato lagè anplis sou lanmè Repiblik dominikèn e nan finisman fevriye 1970, sèt bato lagè ameriken te ap navige sou lanmè Repiblik dominikèn oubyen Ayiti.

Depi lè Baéz te jwenn ranfòsman san parèy sa a nan men marin Etazini, li kòmanse egzekite gwo misyon li te foure peyi li davans lan « Ini desten yo ak desten Gwo Repiblik nò Amerik la », yon ranfòsman ki te rive entimide gouvènman ayisyen an men tou anpeche deklanchman nenpòt zak pwotestasyon deregle nan pò dominiken yo.

Malgre administrasyon prezidan Grant lan te angaje tèt li afon nan trete yo te pwopoze yo a e malgre mannyè prezidan an te idantifye pwòp fòtin politik li nan ratifikasyon trete a, gwo enfliyans Senatè Chal Soumè, prezidan komisyon relasyon etranje chanm sena a te kanpe kont li... rezilta pwòp ankèt li ak konesans li te genyen sou kondisyon Karayib la, te rive pwouve pèp dominiken an pa te gen pyès dezi fè yon sèl ak Etazini, li te vin gen asirans sa ki te dèyè pwojè sa a, anplis anbisyon Báez, se te plan yon gwoup espekilatè ki pa te sispann grandi ki te gen nan tèt li Kazno ak Fabens Senatè Soumè a te konnen karyè mesye yo trè byen. Yon lòt pi gwo rezon pou opozisyon senatè a te genyen se menas kache ki te nan politik egzekitif atachman an ki fè atachman Repiblik dominikèn nan ap tou vini avèk atachman Ayiti dèyè li.