« Restorasyon » (Joseph Châtlain)

Yon ekstrè nan liv Châtlain ki rele: La banque nationale (1954). Châtlain se yon onorab anplwaye labank, yon ekonomis ayisyen.

Gouvènman Prezidan Michèl Domeng lan fè deklarasyon pou fè « restorasyon » nan peyi a. Pou plis presizyon vrè chèf la, jeneral Septimis Ramo, Vis-prezidan estaf ki la pou konseye gouvènman an, gen nan lide li pou chèche konkou tout moun epi aplike nouvo plan politik pou monte prestij ak ekonomi peyi a. Nan je kontanporen li yo, pwogram li a parèt enpòtan epi ka fè chemen li. Li gen ladan li konstriksyon yon palè nasyonal ak yon panteyon pou moun vin admire ewo endepandans yo. Mizanplas de  de wout ray ak enstalasyon sis fa bò lanmè. Pi gwo lide nan plan an se kreyasyon yon bank nasyonal pou ankouraje e sipòte envestisman nan sektè prive a. Pou kontwole ekonomi an li santralize tout administrasyon leta yo... Mouvman ki kont aksyon gouvènman an ap mennen te sibi gwo represyon. Pou byen di, represyon an te vin endispansab epi tounen yon mwayen pou « pran prekosyon ». Lè Ramo tande gen opozisyon ki ap fèt kont li, li elimine Pati Radikal la lè li asasinen manm ki te parèt pou li pi danjere yo, Bris ak Monplezi Pyè.

« Restorasyon » Ramo te vle pote a te ap rive posib sèlman si li jwenn fè yon prè… nan finisman mwa jen 1875, bank Lafrans yo rele Crédit Général Français a prete gouvènman ayisyen an 50 milyon fran… Prè sa a te finalman rapòte anpil lajan pou bank kapital Lafrans lan... Premye kòb gouvènman an te prete nan mwa mas la prèske rive nan 14 528 935 fran. Trezò piblik te senpleman resevwa  7 313 300 fran. Konsa, ak mwayen fèb sa a, gouvènman an te oblije chanje taktik. Gouvènman an deside pou li pa peye ni youn ni lòt nan de dèt yo epi abandone travay piblik li yo (fè wout, lekòl…). Fas ak echèk sa a ki prèske rive a san pou san pou Ramo pa rive fè « restorasyon » an, Ramo vle ak tout kè li reyisi yon pati nan pwojè li a : kreyasyon bank lan, yon pwojè li vle rive reyalize malgre tout difikilte.          

Nan lide pou pwoteje sitwayen ayisyen yo kont yon gouvènman kriminèl, tiranik ki ap vyole dwa moun e fè peyi a fè fayit akoz move konsepsyon sou zafè finans, jeneral Lwi Tanis, kòmandan nan Jakmèl kòmanse yon revolisyon kont Domeng ak Ramo jou ki te 7 mas la. Mouvman an pa te pran tan pou gaye nan tout zòn nan peyi a. 15 avril, pèp la pran lari, prezidan Domeng sove ale pran refij nan anbasad Lafrans pandan Septimis Ramo pase pa lanmè pou al pran lajan yo te mete nan Bank nasyonal la nan vil Okay. Manifestan yo sènen Septimis Ramo ak sekirite li yo. Yo touye li epi volè malèt lajan an.