« Yon Pwojè Liberal » (Edmond Paul (1837-189))

Yon ekstrè nan liv Paul ki rele : Les causes de nos malheurs (1882) a. Pandan Paul an egzil nan Jamayik, li ridikilize Salomon li pran pou yon popilis ki ap twonpe mas pèp la. Deviz Paul te menm ak pa Pati Liberal la « pouvwa a pou sa ki pi kapab yo ». Li kwè Bwaye-Bazlè te pi byen plase pou dirije. 

Plis moun ki ap travay osnon ki bezwen yon pi bon sistèm politik ekonomi ak edikasyon pou pèmèt kondisyon lavi yo amelyore pa ta dwe rete chita ap fè lasoudorèy devan batay ant politisyen yo ki pa sou wout fini an. Li bouke entèveni men li pèdi lè li antre nan pwofondè reyalite a. Moun ki ta dwe modèl li e anseye li laverite ak lajistis ap fè lekontrè. Poukisa? Paske yo te bezwen vyole prensip yo e kèk fwa menm detwi yo pou yo ka anrichi tèt yo. Sa pa di yo anyen si peyi a ap navige tankou yon bato ki pèdi kapitèn li anba yon tanpèt. Prezidan Salomon te byen konprann men li pa te admèt sa lè mwen ekri pawòl sa yo ki blese mwen politikman : pèp Ayisyen bezwen rapid rapid moso pen lenstriksyon.         

Nan peyi nou, yo toujou esplwate moun ki analfabèt yo. Moun ki lakoz sa se: Premyèman, sa yo ki kite se moun ki pi pa kapab yo ki vin chèf… san yo pa jwenn konpetisyon, san pèsonn pa gade ki sa yo genyen kòm pwojè; e dezyèmman, se moun ki chèf e san moral ki ap abize fonksyon chèf yo pou yo kapab pran lajan Leta mete nan pòch yo. E sa fè mal jouk nan zo. Pandan karant dènye ane yo se ak gwo pwoblèm sa a, mank edikasyon, Ayiti ap fè fas. 

An 1870, ak drapo peyi a nan men mwen, mwen ekri: « Nou dwe fè prèv lidèchip lè nou nan tèt peyi a ». Nou pran desizyon pou nou bati lide nou sou prensip sa a epi envite tout Ayisyen nan tout pati politik, pèdan osnon gayan, kako ak pikè, pou ini e pran yon pi bon chemen pou demen.