« Divizyon nan Pati Liberal la ak retou Salomon » (Estaf editoryal Island Luminous)

Yon ti tan apre yo fin touye Septimis Ramo, chèf revolisyon yo, Pyè-Temas Bwawon-Kanal ak Flòvil Ipolit rive nan Pòtoprens. Kanal fè previzyon pou li vin prezidan san li pa panse ak lòt moun ki gen menm dezi a tankou: Nò Aleksi, ansyen sipòtè Salnav, Bwaye-Bazlè, pitit pitit Prezidan Bwaye osnon Liziyis Salomon ki li menm te sèvi gouvènman Soulouk la anvan li te pran egzil an 1859. Tout mesye sa yo gen dezi politik. E yo te pran ti tan pou santi se Bwawon-Kanal ki prezidan. Yon bò, Nò Aleksi anonse pati Nò a ap revòlte. Nouvo prezidan an mande lame a pou arete li, men Aleksi chape poul li nan moman yo ap rive sou li.         

Yon lòt bò, nan menm ane a, yo ta fè konnen nan Pòtoprens Salomon retounen. Bwawon-Kanal rankontre Salomon pou li mande li retounen an egzil. Salomon dakò. Alò, li te pran pasyans pou rete tann vrè moman an pou pran pouvwa a.


Bwawon-Kanal se yon milat. Li fè konnen se liberal li ye, men li pa nasyonalis. Men,  manm Pati Liberal yo pa kwè li menm lè li te chase Nò Aleksi ak Liziyis Salomon ki se de nwa nan Pati Nasyonal la. Senatè liberal yo ki te gen nan tèt yo Bwaye-Bazlè di Bwawon-Kanal se yon fo liberal. Epi, nan yon senp virewon, Salomon vin pa gen lechwa sinon jwenn sipò  patizan Salomon yo pou ede li dirije peyi a.

Bwaye-Bazlè ak sipòtè li yo, Edmon Pòl ak Anibal Pras, sèten kounye a Bwawon-Kanal ta gen pou pase peyi a bay Salomon, yo mobilize yon ti gwoup ame pou jete li. Patizan Salomon yo pote Bwawon-Kanal sekou, men lè lagè a vin eklate, Bwawon-Kanal ak Bwaye-Bazlè te dwe chape poul yo al an egzil. Patizan Salomon yo te plis pase patizan liberal yo. Epi, an 1879, Lyetnan li a, Richlye Dipèval, antre Pòtoprens mete fen nan lagè a. Dipèval voye mesaj bay prezidan lejitim nan (Bwawon-Kanal) pou li retounen. Men, moun li resevwa a se pa Bwawon-Kanal, men pito Salomon.