« Lwi-Jozèf Janvye ak Nasyonalis yo »  David Nicholls (1936-1996)

Yon ekstrè liv Nicholls ki rele: From Dessalines to Duvalier: Race, Colour and National Independence in Haiti (1979) la. Nicholls se yon pastè e istoryen. Nan pati ki enpòtan nan etid li, Nicholls fè konprann pwoblèm koulè se pi gwo pwoblèm nan istwa politik peyi a.

Nan ane ki vini apre prezidan Jefra fin tonbe an 1867, moun yo konstate de kan politik nan peyi a: Pati Liberal la, kote pi fò manm yo se milat ak Pati Nasyonal la, kote pi fò manm yo se moun nwa. Pou kòmanse nan lane 1870 rive 1880, de pati sa yo te ap batay pou pran tèt  nan domèn, eleksyon, militè ak entèlektyèl yo.  

Menm si nou pa ka di Pati Nasyonal la se te yon pati ki te gen yon ideyoloji solid, men antouka sou plan politik sa te nòmal. Andan pati sa a te gen yon gwoup nwaris ideyolojis yo te konnen sou non  « iltranationalis » osnon « nwaris », yo fè konnen yo ap pale pou mas pèp la kont lelit la, pou peyi a kont kapital la epi totalman adopte eslogan popilis pati a: « pouvwa a (avantaj la) pou sa ki  gen plis moun nan ». 



Janvye se yon gwo defansè endepandans ekonomik ak politik peyi d Ayiti. Li atake theories of racial inequality (yon teyori ki fè kwè ke moun nwa (tankou Pèp ayisyen) te  enfèryè ak moun blan ), yon teyori ki te ap fè akyalite an Ewòp nan epòk la.  

La nou pral konsantre sou Janvye kòm ideyolojis iltranasyonalis yo. Mete sou sa li te nome tèt li pòtpawòl peyizan nwa yo... Salomon li menm yo te renmen li poutèt li te retounen ak politik distribisyon tè a...  Janvye te konnen trè byen pozisyon milat yo sou koze sa a jis yo anvayi peyi a nan mwa apre a.