« Vizyon Salomon » (Estaf editoryal Island Luminous)

Nan kòmansman ane prezidans li a, Prezidan Lwi Etyèn Liziyis Felisite Salomon, minis Finans sou Anprè Fosten Soulouk, te eseye ogmante ekonomi Ayiti a toutbonvre. Li mande envestisè fransè envesti lajan pou kreye yon bank nasyonal li ta pral inogire an 1880. Menm ane sa a, li peye dèt enpandans lan paske li te santi demen li ta pral difisil anpil pou Ayiti remèt kòb sa a.     

Pandan tan sa a, Salomon devlope peyi a nan lòt fason. Li sipèvize travay pou mete lapòs sou pye an Ayiti epi envite yon konpayi anglè vin enstale yon kab telegraf ki konekte Pòtoprens ak Kingston, kapital Jamayik. An 1887, yo plase yon lòt kab pou konekte Mòlsennikola ak Sanntyago, yon vil nan peyi Kiba.



Tankou li te fè li pou bank lan, Salomon envite pwofesè fransè vin amelyore edikasyon an nan Lise Petyon nan Pòtoprens. Li te mande Lafrans voye tou yon gwoup militè ba li pou ranfòse lame peyi a.

Sepandan, depans pou zafè sa a ki gen pou wè ak lame a Salomon te ap fè yo pa pran tan pou tounen yon fado sou do peyi a ki ap fè fas ak plizyè lòt pwoblèm. Ant 1881 e 1882, yo anonse yon epedemi varyòl. E byen bonè nan lane 1883, Bazlè, advèsè Salomon, leve yon mouvman revolisyon, yon mouvman yo ta pral kanpe gras ak gwo mwayen ekonomi ak politik pouvwa a genyen. Pandan tan sa a, ekonomi an ap vin pi fèb  ankò nan zafè « l’Affaire des Mandats », se te  yon eskandal nan bank nasyonal la kote Lafrans, Angletè ak Etazini ap detounen lajan gras avèk konplisite Ayisyen.