« Soulèvman Liberal 1883 a » (Estaf editoryal Island Luminous)

Ane 1883 a, tankou jan Gustave Vigoueux souliye sa a « se yon ane terib » kote te gen yon gwo chirepit ant Salomon ak detraktè li yo. An mas, Janpyè Bwaye-Bazlè ak plis pase yon santèn liberal ki te an egzil retounen an Ayiti nan yon bato e fèmen tèt yo andan nan Miragwàn nan blòk sid la. Revolisyonè liberal yo pa te anpil an kantite men kanmenm yo te jwenn senpatizan nan tout pati sid peyi a ak nan lelit ekonomik la nan Pòtoprens.


Olye yo kraze revolisyon an epi fè Bwaye-Bazlè pase yon mati, Salomon pito mande patizan liberal yo abandone lit la pou yo ale an egzil. Lè Bwaye-Bazlè refize dakò ak sa Salomon mande li yo, abitan ki nan vil nan pati sid peyi a tankou: Jeremi, Jakmèl..., deside soutni li (Bwaye-Bazlè) e pran koz revolisyon an avèk li.

Salomon reyaji. Li kraze leve kanpe nan Aken ak nan Twoudinò, men atak li yo nan Miragwàn, Jeremi ak Jakmèl pa mache. Salomon pa te kapab netralize vil sa yo, li ankadre yo epi sènen yo nan lide pou grangou ka touye revolisyonè yo.