« Semèn larivyè san an » (Estaf editoryal Island Luminous)

Rebelyon an kontinye jis an septanm lè rebèl nan Miragwàn yo blese Anri Pikan minis Lagè sou Salomon. Lè nouvèl lamò Pikan rive, Salomon reyaji san kontwòl. Nan Pòtoprens, li bay moun nan kouch defavorize yo pèmisyon pou pran zam al pèsekite moun ki fè solidarite ak rebèl yo, ni komèsan nan boujwazi a ki deklare yo ap sipòte Bazlè. Patizan Salomon yo detwi epi piye tout Granri a. Yo chase tout moun ki sanble ak patizan Bazlè, espesyalman, milat yo epi touye plis pase twa mil moun.    

« Semèn kote san ap vèse », jan yo pral rele semèn sa a apre, ta demoralize ak detwi travay Salomon pou mete peyi a sou wout devlopman. Sa ta detwi komèsan ayisyen pou kite chan lib pou Siryen ak Alman antre vin fè komès nan peyi a. Men tou, fdivizyon ant nwa ak milat la vin pi enpòtan. Plizyè ane apre, jèn  Franswa Divalye di Bazlè ak milat yo pouse Salomon kraze yon rèv pwogresif diktatoryal.   




Nan finisman ane sa a, Bazlè mouri nan yon batay nan Miragwàn. Patizan Liberal yo abandone lit la e Salomon chase yo nan nò Tigwav. Bato solda li yo bonbade Jeremi ak Jakmèl ki pa te pran tan pou abandone. An janvye, rebelyon Pati Liberal la te fini. Kidonk, sa fè kwè Bazlè ak milat yo te pouse Salomon kraze volonte li pou li te mete yon diktati kanpe.  

Nan finisman ane sa a, Bazlè mouri nan yon batay nan Miragwàn. . Patizan Liberal yo abandone e Salomon chase yo nan nò Tigwav. Bato solda li yo bonbade Jeremi ak Jakmèl ki pa te pran tan pou abandone. An Janvye, rebelyon Pati Liberal la te fini. Pandan tan sa a, lide ki te ap domine Salomon ki vin monte sou pouvwa se sandout lanmò.