« Alman yo an Ayiti » (Brenda Plummer, Ph.D.)

Plummer se pwofesè Istwa nan University of Wisconsin nan Madison. Li ekri anpil liv tankou: Haiti and the Great Powers, 1902-1915 (1988) ak The Psychological Moment: Haiti and the United States (1992).

Almay, yon gran pisans mondyal depi finisman diznevyèm syèk la, kòmanse fè yon komès men ki pa piti nan Karayib la. Labank se yon opsyon enpòtan pou biznis sa a e pou kat fim ki reprezante komès Almay la an Ayiti. Yo arete Emil Lidès, yon biznismann ki te pitit yon Alman ak yon Ayisyèn, apre li te fin nan yon kont ak Lapolis Pòtoprens. Kèk semèn apre yo fin libere Lidès  e li ale an Almay, Lamarin peyi Almay voye yon bato lagè sou Pòtoprens e menase pou  bonbade pò a si yo pa leve tout akizasyon yo fè kont Lidès yo epi dedomaje li.

Se Etazini ki ankouraje yo fè aksyon sa a, kote ministè Afè Etranje li ap bay gouvènman Ayisyen presyon pou bay peyi Almay sa li mande a. Men pandan ven  ane ki vin apre yo, de jou an jou Ameriken yo wè Almay kòm yon advèsè nan sa ki gen pou wè ak komès ak politik an Ayiti. Mete sou sa yo pè pou enfliyans peyi Almay la pa tounen yon enkyetid pou okipasyon yo a  sou Ayiti.   


Istwa ki rive nan ka Lidès la kote li jwenn sipò peyi Almay pou pwoteteje li a pa diferan de mòd fonksyònman Ayisyen ki te fè pati klas boujwazi a nan epòk la. Anpil nan yo chèche genyen avèk yo sitwayente etranje osnon marye ak etranje  yon fason pou evite peye taks osnon obeyi anba lwa Leta peyi d Ayiti. Nan kòmansman ane 1900 yo, lamarin komèsyal alman te layite kò li menm jan avèk « Hamburg American Line » te ogmante aktivite li nan Antiy yo epi flòt bato Alman yo te depase pa Ameriken yo nan kategori bato lagè avèk kwazyè. Konpayi Alman yo resevwa èd ki soti Bèlen e vin kapab sèvi konsomatè Ayisyen yo pwodui yo pi konsome an Ewop yo.

Apre defèt  Almay la, (Reich) nan premyè gè mondyal la, yon ti gwoup Alman vin ap viv nan soufrans an Ayiti, konsa otorite ameriken pou okipasyon an bay tèt yo dwa pou deside ki Alman ki te akseptab an tèm polik.