« Soti sou Salomon rive sou Lejitim »  Jacques Nicolas Léger (1859-1918)

Yon ekstrè nan liv Léger a ki rele : Haïti, son histoire et ses détracteurs (1907). Léger se òmdeta ayisyen sou plizyè gouvènman e ki ekri anpil liv sou istwa diplomasi Ayiti.

Manda Prezidan Salomon an te dwe fini 15 me 1887, men Asanble nasyonal la tante kenbe li sou pouvwa a. Pou sa, yo modifye konstitisyon an ki entèdi yon prezidan pran yon nouvo manda. Epi, le 30 jwen 1886, Salomon retounen eli pou sèt lane.

Reyeleksyon Salomon an te sanble ak retou prezidans avi nan peyi a e sa te lakoz gwo kontraryete. Jeneral Seyid Telemak, kòmandan toupre Kap-ayisyen, pran kòmann moun ki santi yo endiye yo. Konsa, le 4 out 1888, li fè tout moun konnen li pa rekonèt otorite Salomon. Si  jou apre nan menm mwa a, gen yon foul moun ki rasanble nan Pòtoprens, kote prezidan an kouri deklare li rale kò li sou pouvwa a.

Yo bay yongouvènman pwovizwa ki gen Bwawon-Kanal nan tèt li epi ki genyen misyon pou mete lòd nan peyi a.

De kandida ki vrèman gen anvi vin prezidan al patisipe nan eleksyon: jeneral Seyid Telemak, ki kòmandan nan Kap-ayisyen, ak ansyen Senatè F.D. Lejitim ki li menm se minis agrikilti. Yo te konteste eleksyon sa yo avèk anpil britalite. Konsa, le 17 septanm 1888, yo eli Konstitiyan yo  (Senatè ak Depite), ki yo menm te gen pou yo eli nouvo prezidan an ant de kandida yo. Men pi fò nan yo te sanble gen yon panchan pou Lejitim.

Nan lannuit 28 septanm, malerezman gen yon afwontman ant patizan de kandida yo.  Telemak ale ak solda li yo pou fè dezòd la pa pran lari. Se la, nan yon fènwa, yon bal mawon pran li nan vant e mouri apre plizyè èdtan. Aksidan tris sa a (lanmò jeneral la) te gen gwo konsekans. Depatman Nò, Nòdwès ak Latiboit bay Lejitim responsab lamò rival li epi mande li pou li retire kandidati li pou prezidan. Men depatman Lwès ak Sid rete ap sipòte Lejitim.

Alòske moun ki vin sipòte jeneral la apre lanmò li yo rele "pwotestan" yo mete yon gouvènman pwovizwa sou pye nan Kap-ayisyen, avèk jeneral Ipolit nan tèt li. Konstitiyan Lwès ak Sid yo, yo menm, fè yon rankont nan Pòtoprens le 14 oktòb 1888 pou eli F.D. Lejitim prezidan.

Pandan Etazini poko deside sou repons li, gwo peyi Ewòp yo gen tan rekonèt otorite Lejitim an Ayiti. Finalman, Ipolit ale devan Ameriken avèk ka a paske pa te gen bon rapò ant nouvo prezidan an ak minis Fransè a, Comte de Ses Maisons.

Etazini lakoz san rezon kèk difikilte nan peyi a. 22 oktòb 1888, anmatè lagè ayisyen an, Desalin, pran yon bato ameriken yo rele ‘‘The Haytian Republic’’. Bato ameriken an te konn ale sou plizyè pò nan Sid ak yon komisyon sou bato a ki gen pou misyon eseye fè moun yo leve kanpe kont Lejitim. Bato a te pote tou: solda, zam (ak minisyon pou jeneral Ipolit).

Yo mennen ka a nan tribinal. Men Depatman deta (Ministè Afè Etranjè) nan Washington, D.C., antre nan deba a. Epi, apre anpil negosyasyon gouvènman ayisyen an vin dakò pou bay bato a yo te kenbe a. 20 desanm, Leta Ayisyen remèt Rear-Admiral Luce bato a.

Lejitim pa kapab egzèse otorite li, li ale kite Pòtoprens 22 Out 1889.