« Flòvil Ipolit vin prezidan »  (Rodolphe Charmant)

Yon ekstrè nan liv Charmant an ki rele : La vie incroyable dAlcius (1946). Charmant te fizisyen nan Fakilte Medsin nan Pòtoprens. An 1889, granpapa li Alsiyis  te an egzil Jamayik, men, li retounen an Ayityi pou li ede Ipolit jete Prezidan Lejitim. Nan tèks anba a, Rodolphe bay esplikasyon sou jan lyetnan Ipolit la, Senmaten Dipui, anonse nouvèl konpayon lagè li, Edmon Pòl, voye ba li kote li tande jeneral Dimourye Nima Rabèl trayi Lejitim epi ede Ipoliti ak lyetnan li, Chikòy, bat Dadinyak, dènye kòmandan militè prezidan an.

Alsiyis rankontre, an Jamayik, plis pase yon santèn zanmi ki sot Jakmèl. Edmon Pòl ki te ap dirije revolisyon an, òganize yo an espedisyon pou ale nan Zile Tik yo e apre nan Kap-ayisyen 20 avril 1889.


Alsiyis ekri nan kòmantè li pawòl sa yo: « lè nou rive nan Kap-ayisyen, lagè a te vrèman  an danje, jistan Ipolit, chèf revolisyon an, fè pridans pou repliye sou Wanament sou fwontyè  a. Lè nou te rive, yo al mete nou nan otèl sou siveyans jeneral Senmaten Dipui, sèl chèf yo fè konfyans ak yon pòtfèy pou siveye antre-soti nan otèl la. Apre li fin li sa Edmon Pòl ekri a, li enfòme nou sou sitiyasyon an… mèsi pou èd nou bay abitan Jakmèl yo: Monpwen Jèn, ak Jan-Jimo ka kontinye lagè a nan Latibonit pou kontrarye ènmi yo nan limit Akayè. Nan Saltwou, Dimourye dakò ak revolisyon an. Jeneral Ipolit voye yon konpayi ki gen Chikòy nan tèt li. Espedisyon an rive nan yon vil ki pa rete anyen apre Dadinyak fin bonbade li. Lame Saltwou a mache sou Jakmèl an pasan pa Marigo (yon vil kin nan sid). Lè espedisyon an rive... li ezite avanse sou lame Dadinyak la e apre li pran responsablite li. Se te yon batay vyolan, kote Dadinyak pèdi lavi li a twa zè nan apremidi, le 3 out 1889.     

Dadinyak se te dènye potomitan (bradfè) Lejitim, li tonbe. Nou ekri chante sa a… pou komemore lanmò Dadinyak. "Dadinyak, kote ou ale? Mwen ale Kafou Kapwouj. Mwen rankonre Nima Rabèl. Li fè tèt li twòp konfyans. Mwen boude!"

Gouvènman an deside fè lapè, epi 22 out Lejitim retire kò li sou pouvwa a. Lame revolisyon an rive nan kapital la, nan tèt li gen jeneral Ipolit ki tou mete yon gouvènman pwovizwa  sou pye.