« Leve kanpe nan mitan vil la » (Marc Péan)

Yon ekstrè liv Péan ki rele Lillusion héroique (1977). Péan se yon dantis, yon istoryen ki ekri plizyè liv sou istwa peyi d Ayiti.

Depi lè Flòvil Ipolit vin prezidan gen anpil aktivite  ki ap fèt nan Kap-ayisyen. Leta pran anpil mezi nesesè pou  fè yon tantativ nan revouvèlman iben pou bay vil la sèvis piblik tankou  dlo, mache, etc.  – Kidonk, sa yo te plis bezwen. Travay piblik yo te kòmanse byen bonè nan lane 1892.  Lefè ke pwojè sa yo te ka atenn tout moun epi yo tap dire lontan te bay plizyè moun nan Kap-ayisyen yon estimilis fò.  Moun kòmanse ap pale de « agwo-endistri », e kalite deba sa yo te enterese yo pou jiskan silans fèt sou sa. Nan achitekti, gen yon nouvo estil ki parèt e ki bay santvil la ozanviwon katedral la yon bèl elegans. Li klè gen plizyè siy konsa ki montre ki jan lespri moun yo ouvri sou wout chanjman.


Nou ta kapab di kalite lavi osnon nivo lavi moun yo ogmante.  Konstwiksyon  yon mache  – yon gwo bèl bilding prefabrike  – ansanb ak dlo kap koule te kontribye anpil pou fè moun yo viv nan yon fason ki pi pwòp nan Potoprens. . Yo fè konferans, reyinyon ak bal nan vil tou nèf sa a kote moun ki rete ladan li yo ba li valè. Yon jou swa, an janvye 1893, te gen yon gwo selebrasyon kote anplwaye konpayi ki la pou fè ekleraj yo limen anpoul poto limyè yo pou premye fwa. Sa chanje abitid popilasyon an byen vit. Yon anbyans ki mwen sinis e ki pi trankil ranplase mank de konfyans kote patwouy ak santinèl yo te kon mande lè li fè nwa « Kilès ki ale la ? »pote enkyetid Rapò moun ak moun vin amelyore nan sosyete a. San pran tan, vin gen koneksyon telefòn nan vil la, sa pote anpil kè kontan lakay moun ki itlize telefòn yo.