« Fimen ak Etazini » (Asselin Charles Ph.D.)

Chal se Pwofesè asosye nan Lang ak Literati nan America University of Nigeria. Li tradui liv Antenò Fimen ki rele: De lEgalitédes races humaines (1885) an anglè.

Anplis de fondasyon peyi a apre endepandans, chèf peyi a nan dis premye ane yo te pè pou Lafrans pa retounen vin kolonize peyi a. Kontrèman ak kontèks jewopolitik ki te ap devlope nan kòmansman diznevyèm  syèk la, fason souverènte ak diyite peyi a te menase, pa te gen pou wè ak distans peyi a te pran ak Lafrans men pito ak distans li te pran ak Etazini. Nan mitan de ideyoloji sa yo : rèv pou tounen yon gwo peyi (Manifest Destiny) ak doktrin Monroe a, Etazini vin antre nan zafè peyi a ni sou plan diplomasi ni sou plan militè. Elit politik ak elit entelektyèl peyi a nan epòk la divize nan fason yo wè bagay yo, men yo kanmenm dakò sou nesesite peyi a genyen pou rete lib devan gwo peyi yo. Nan sans sa a, Antenò Fimen, se te entelektyèl nan moman an ki te plis kwè nan yon pozisyon nasyonalis epi montre nan fason li ap panse ak aji pozisyon peyi a fas ak Etazini. Antenò Fimen (1850 – 1911) se yon òmdeta ki te chaje avèk konesans, ak lespri inivèsèl li a li ekri yon liv ki revolisyone antwopoloji yo rele : De l’égalite des races humaines ak lòt ankò nan plizyè domèn tankou : politik, filozofi, istwa ak kritik literè.


Fimen fè konnen an detay sa li panse de Etazini ak Ayiti nan liv li a ki rele : M. Roosvelt, président des Etats-Unis et la République dHaïti (1905), lii fè sa tou yon ti kras  nan avan dènye liv li ekri a ki rele : Lettres de Saint-Thomas (1910). Nan tou de liv sa yo, li montre 2 atitid alafwa fas ak Etazini : admirayon ak mefyans. Fimen pale anglè byen, li konn istwa ak literati Etazini, li gen yon bon konpreyansyon sou fason sosyete peyi sa a fonksyone sou plan kiltirèl ak politik. Li renmen lide biznis pèp ameriken an genyen an, egalite ki plizoumwen reye nan mitan yo a ak demokrasi ki ap mennen sistèm politik yo a. Men, nan liv Lettres de Saint-Thomas a, li mete aksan sou mank afinite ki genyen ant  Ayisyen yo, yon pèp ki gen desandan Afwo-Latin ak Ameriken yo  yon pèp ki ap viv yon kilti anglosakson ; men, li ankouraje konsitwayen li yo, san yo pa lage kilti, lang ak eritaj ki lye yo ak Lafrans, pou yo chèche konnen vwazen sa a yo genyen nan Amerikdinò e aprann pale anglè, menm si sèlman se pou yo ta  genyen yon konpreyansyon efikas sou dimansyon politik, ekonomik ak kiltirèl  Etazini nan kontinan an. 

Men, apresyasyon Fimen pou bon kote Etazini yo pa te avegle je li avèk elan rasis ak enperyalis, dapre li, ki mele estrateji jewopolitik oksidan an an jeneral ak Amerik la an patikilye (al gade liv Fimen ki rele : L’égalitédes races humaines). Menm si an 1905 li defann, nan liv M. Roosvelt president des Etats-Unis et la République dHaïti, lide ki fè kwè Etazini pa gen entansyon fè Ayiti tounen nan esklavaj. Li wè pou jan bagay yo ye a Etazini, pi gwo pisans nan kontinan an, pa te ap ezite mete men sou teritwa premye pèp nwa a. Sizan apre, lè Fimen ekri nan dènye liv li a ki rele Leffort dans le mal (1911), se yon pwofesi li fè bay konsitwayen li yo pou li di yo si yo kontinye viv ak pwoblèm politik ak eskonbrit nan sosyete a sa kapab fè Ayiti sibi dominasyon yon fòs etranje. Previzyon sa a ta pral reyalize lè Etazini pral okipe peyi a soti 1915 rive 1934.                    

Previzyon Fimen an te baze sou konpreyansyon li sou fason mond nan te ap evolye sou plan jewopolitk ak sou konesans li genyen sou de peyi yo: Ayiti, peyi pa li, ak Etazini. Sa te parèt klè tou nan esperyans li te nan tèt ministè Afè Etranjè (1889-1891) kote li te aprann li preferab pou yon moun kenbe yon konpòtman mefyans fas ak entansyon Etazini pou Ayiti osnon pou peyi ki nan kontinan Amerik la.  Liv Fimen sa a ki rele: Mole Saint-Nicolas Affair (1991) montre aklè detèminasyon li pou kenbe souverènte peyi a ak diyite li. Kontni liv la pwouve kapasite Fimen nan zafè diplomatik, nan abilte li pou defann enterè Ayiti kont anbisyon enperyalis Etazini tankou li esplike sa nan Diplomate et Diplomatie (1889) lè li ekri : « Goumen pou nou kenbe yon relasyon ak Etazini, pyèsmetrès relasyon entènasyonal nou yo ». (Yon pasaj yo site nan Georges J. Benjamin, 1960).  

Nan lane 1880, Etazini te ap chèche yon espas ki apwopriye estratejikman pou mete yon baz naval ak yon estasyon ki ap pèmèt li kontwole Amerik Santral la pandan konstriksyon Kanal Panama a, pou fè respekte doktrin Monroe a e pou konbat enfliyans peyi Ewòp yo ki la lontan nan kontinan an. Espas ki byen koresponn ak pwojè sa a se Mòlsennikola, yon zòn ki nan tèt Nòdwès peyi d Ayiti. Etazini kòmanse negosye ak gouvènman ayisyen an pou lwe li espas la. Premyeman, li voye Frederic Douglas, yon diplomat an Ayiti e apre li voye yon Amiral (jeneral nan marin) Bancroft Gherardi, ki li menm ta pèsonèlman sou fè lagè. Gouvènman Ameriken an mande pou yo ba li yon aksè total sou Mòlsennikola pandan okenn lòt peyi pa gen dwa sa a. Anba presyon militè ak diplomasi, finalman Fimen rejte demann Etazini an. Pou li fè sa, li baze sou respè Konstitisyon an e mande pou yon akò total ak lwa peyi a ki gen pou wè ak souverènte li. Pasaj sa a nan lèt Fimen voye bay Amiral Gherardi a ki gen non sèlman elegans men tou ki fèm nan montre Firmin rantre tout li menm nan filozofi nasyonalis la : « Nan je gouvènman ayisyen an, aksepte demann ou a nan jan sa ta dwe fèt la, se ofanse souverènte nasyon an e se tou vyole konstitisyon an nan atik 1 an; kote li pa bay dwa pou yon lòt pèp okipe teritwa li, se ta plizoumwen dakò ak sistèm kolonyal la ki te sou tè a ». (M. Roosevelt et Haiti, 499).