« Fimen avèk egalite » (Robert Bernasconi, Ph.D.)

Bernasconi se pwofesè filozofi ki asire kou sou Edwin Erle Sparks nan Pennsylvania State University. Li ekri ak edite plizyè liv sou ras ak egzistans tankou : Race (2001) ak Situating existentialism (2012).

Antenò Fimen se youn nan panafrikanis e pandan tout lavi li se youn tou nan pi gwo opozan avèk lide ewopeyen sou diferans rasyal yo kwè ki pa janm chanje. An 1885, li pibliye L’égalite des races humaines. Lè sa a, li te gen sèlman 34 lane.

Fimen te viv a Pari pandan plis pase yon lane, men pandan ti bout tan sa a li rann li kont de ideyoloji dominan nan mitan antwopològ fransè yo. Li tounen agiman yo a kont yo lè li demanti kwayans ki fè kwè se yon seri karakteristik nou fèt avèk yo epi ki pa janm chanje ki defini nosyon ras la.  

Li te rekonèt t ap toujou genyen kèk varyasyon nan diferan sivilizasyon yo, men li montre sa pa genyen anyen pou wè avèk diferans rasyal, menm jan diferan viktwa ansyen Ejip te konn montre sa. Li adopte lide pozitivis yo sou pwogrè moun sou wout egalite, men li rejte lide gran filozòf pozitivis Auguste Comte te pwopoze kote li fè konnen blan yo ta pote lamayòl. Li te kwè tout ras yo kontribiye nan fè pwogrè nan rapò yo devlope youn avèk lòt epi yo chak jwe yon wòl santral nan yon moman oubyen nan yon lòt. 


Apre li fin retounen an Ayiti an 1888, Fimen retounen rekòmanse fè politik nan peyi a. Sa mennen li fè yon dènye tantativ kote li manke genyen pouvwa a. An 1902, li oblije pati an egzil e li pral mouri 9 mwa pita. Li te ekri de gwo liv. An 1905, nan M. Roosevelt President des Etats-Unis et la république dHaiti, li afime kwayans li, yon lòt fwa ankò, nan kapasite moun genyen pou yo chèche lapèfeksyon, epi, an 1910, nan Lettres de Saint-Thomas, li retounen avèk lide chak nasyon ak chak pèp amelyore tèt yo pandan yo ap aprann youn nan men lòt.