« Kesyon klas avèk koulè nan finisman syèk la » James G. Leyburn , Ph.D. (1902-1993)

Yon ekstrè nan liv Leyburn nan ki rele The Haitian People (1941). Leyburn te yon sosyològ ameriken ki ale an Ayiti pou obsève pèp Ayisyen an. La, li konstate inegalite ant klas avèk koulè  te nan yon nivo ki te tèlman wo li te kwè sosyete Ayiti a ta fonde sou yon sistèm « kas ».

Jouk nan epòk okipasyon ameriken an, an 1915, pa te genyen lòt mezi ki te genyen anpil enfliyans sou jan yo wè peyizànri a. Sanble pi gwo anbisyon pi fò moun se te  rive genyen yon ti moso tè pou yo fè jaden pou pwòp bezwen pèsonèl pa yo. Men, kòm Leta mansousyan e manfouben, yo te pèmèt yo enstale kò yo sou tè gouvènman an yo, kote yon fonde yon fanmi epi pase eritaj tè kote yo te enstale a.

Avèk peyizan yo ki, angwo, satisfè de kondisyon lavi yo ap mennen chak jou, separasyon sosyete a ant kas siperyè avèk kas enferyè fin pase piti piti nan lespri moun yo. Omwen katrevendis pousan  nan popilasyon total la se peyizan. Pami lòt di pousan  popilasyon an, yon ti minorite te konsidere tèt li kòm manm lelit la. Kèk fanmi nan gwoup sa a jwenn rasin yo nan epòk kolonyal la kote zansèt yo te deja afranchi. 


Nou kapab di, menm si nwa yo te genyen gouvènman an nan men yo pandan twaka nan yon syèk, yo pa te kapab fè okenn modifikasyon, menm leje, sou manm kas yo oubyen sou jan yo fòme. 

Pati popilasyon an ki pa ni elit, ni peyizan pa fè pati yon « klas mwayèn nan », selon sans mo sa a genyen nan monn oksidantal la. Se pito yon pousantaj Ayisyen ki gen kòm pi gwo karakteristik deplase pou ale abite lavil. Kèk ladan yo se salarye, kèk lòt se ti komèsan, gen lòt ankò ki te ansyen manm lelit ki twouve yo sou wout anba echèl sosyal la, tandiske kèk lòt se ansyen peyizan ki ap monte nan echèl sosyal la. Yo fè yon pakèt egzijans pou yo asepte yon moun nan lelit la, sa konn dekouraje anpil moun. Pandansetan, sila yo ki vle monte nan lelit la pare pou fè nenpòt sakrifis pou sa. Paske gen kèk ansyen afranchi ki vin tonbe, sèl mwayen sa ki pi anbisye yo genyen pou yo al frape pòt lelit la se lajan, edikasyon, chobiznis, avèk lwazi sosyal, « bon » maryaj, separasyon avèk zanmi ki nan kas enferyè yo, e souvan li difisil pou yon moun monte nan lelit la nan espas yon jenerasyon.