« Bòdmè a »  Gérard Pierre- Charles (1935-2004)

Yon ekstrè liv Gérard Pierre-Charles ki rele L’économie haïtienne et sa voie de développement (1993). Pierre-Charles te yon entelektyèl maksis ki dirije Pati kominis ini an Ayiti. Jan tout moun te kapab ap tann a sa, li pa te gen anpil kichòy ki pozitif pou li di sou richès kapitalis Ayiti a.

Fanmi Reimbolt, Brandt, Wiener, Madsen, Dufort avèk Berne domine komès kafe a nan peyi d Ayiti.


Pou espòte kafe a, yo dwe prepare li. Menm lè yon peyizan fin kale li, li poko pare pou vann. Se pou sa li se yon veritab sektè ekspòtasyon.

Pou kafe a… gen plis pase sansenkant piti avèk mwayen enstitsyon andeyò ki fè yon preparasyon elemantè. Men, travay sa a pa sifi. Magazen ki ap ekspòte nan vil yo fè dènye preparasyon an. Nan magazen sa yo, yo esplwate fanm yo kote yo pa peye yo selon kantite travay yo fè.  

Fanmi ki posede magazen pou ekspòte kafe yo tire tout pwofi yo, epi yo  depoze yo nan yon seri bank nan peyi etranje epi sa sèvi pou yo achte pwodui deliks. Nou ta kapab di se sèl Brandt yo avèk Madsen yo enpe  ki fè yon tantativ pou ekonomize lajan epi envesti yo nan lòt sektè nan peyi a. Pa egzanp yo genyen, jounen jodi a, kèk izin kote yo frabrike bè avèk savon. Brandt genyen yon izin ki ap fabrike twal.
Tout sa sèvi yo pou yo fè gwo fòtin epi konstwi bèl mezon deliks.