«Jenerasyon Lawonn nan » (Patrick Bellegarde-Smith, Ph.D.)

Bellegarde-Smith se pwofesè retrete nan Inivèsite Wisconsin-Milwaukee. Li ekri anpil liv tankou Shadow of Powers (1985), Haiti: The Breached Citadel (1990), Invisible Powers (2006).

Piblikasyon La Ronde (1898-1902) bay yon peryòd istorik ki pote non li nan finisman syèk la. Se peryòd yo te rele « Génération de la Ronde ». Mouvman literè yo te reyini otou yon seri jounal, revi ak magazin, e majorite  nan yo pa te dire lontan. Zouti literè sa yo te ranpli plizyè fonksyon. Yo te vin tounen yon fowòm kote yo kapab divilge lide, pandan yo ap fè yo pran yon kad ideyolojik. Piblikasyon sa yo te gen tandans prezante evènman ki te ap dewoule nan chan politik la, swa kòm yon reyaksyon kont yon diktati, oubyen kòm yon reprezantasyon liberalizasyon an.


An Ayiti, politik avèk literati te melanje, paske, an pati, manm klas entelektyèl la te sitou pa te anpil epi pa te gen divizyon nan klas lelit yo. Lawonn, menm jan avèk lòt revi oubyen magazin kritik te sèvi kòm piblikasyon nan edisyon, paske resous finansye yo te genyen te limite, sa ki te pèmèt kèk jèn otè kòmanse prezante zèv yo bay piblik la. Lawonn te soti lavèy santyèm anivèsè endepandans Ayiti. Objektif piblik li se te sitou pou rajeni sosyete a atravè literati. Kòm li anglobe divès tradisyon literè, yo pa te kapab rele li yon lekòl, se sa ki fè yo te rele li « mouvman ». Menm si li te pèmèt yo kontinye domèn literè ki te la anvan yo, li te travay sou yon pwogram avèk yon apwòch imanis ak inivèsèl ki pi laj. Lawonn te yon mouvman ki te gade sou tout kalite esperyans e sa te pèmèt li pran yon oryantasyon ki pi nasyonalis. Men, li te sèvi pou divilge lide filozofik sou pozitivis ewopeyen yo ki te anvòg nan tout Amerik Latin nan. Sekretè Lawonn nan, jèn Dantès Bèlgad (1877-1966), granpè mwen, rezime pozisyon sosyal ekriven ki te kreye mouvman an konsa: « Nou tout, nou te nwa ak milat, san richès pèsonèl. Yo te edike nou nan lekòl piblik ke  lajan pèp ayisyen an te mentni. Nou te renmen moun nou te diferan de yo gras avèk edikasyon nou ». (Sitasyon sa a soti nan Dessalines a parlé, 1948, paj 96-97). Brèf deskripsyon sa a montre plimeyank sa yo te manm ti boujwazi a - yon klas mwayèn ki te ap fòme - avèk ansyen elèv lise. Se gouvènman an ki te etabli yo yon ti kras aprè endepandans peyi a. Yo pa te retay moun nan gran boujwazi a. Pandan tan sa a, Ayiti tap  devlope pi gran literati nan mitan sosyete karayibeyen yo, pandan li ap pwodui plis liv pou chak kantite abitan pase tout lòt peyi Amerik Latin yo ak Brezil, san nou pa bliye Ajantin ak Meksik, jis nan lane 1951.