« Gè Fiminis lan »  (Joshua Clough)

Clough se doktoran nan depatman istwa Duke University. Li fè rechèch sou etnografi ak kilti ayisyen..

Nan ete 1902, gè sivil te pete an Ayiti. An me 1912, anba presyon akoz move jesyon afè Lidès la, prezidan Tirezyas Simon Sam te demisyone nan pòs li, sa ki te kreye yon vid politik. Yo te nonmen Pyè Bwawon-Kanal prezidan pwovizwa jiskaske yo chwazi yon lòt moun pou met nan tèt Leta a; men pèp la te fristre akoz konstitisyon te bay Asanble nasyonal la pouvwa nominasyon egzekitif la, yo te revòlte nan Pòtoprens. Kòm reyaksyon, Asanble nasyonal la te kraze. Apre sa, komite demokratik te rasanble nan tout peyi a, pou chwazi delege lokal ki te reyini nan Pòtoprens pou debat sou eleksyon prezidansyèl prese prese. Apre anpil deliberasyon, reprezantan yo te fè soti yon nouvo konstitisyon ki te laji dwa demokratik yo. Sa ki te pèmèt yo atenn objektif yo, patisipe pi dirèkteman nan pwosesis eleksyon yo, sitwayen afranchi yo dezòmè te ap nome elektè lokal pou vote pou kandida yo chwazi.

Sitwayen nan tout depatman te ale enskri an mas, sitou lè yo remake dwa demokratik yo pa te sispann fè pwogrè. Antenò Fimen te parèt byen vit kòm yon bon lidè. Atout li te yon vwa enpòtan pou refòm politik la, li tounen kote li te fèt la, nan Kap-ayisyen, zòn 1900 yo pou ale fonksyone kòm avoka, avèk lide li byen klè nan tèt li. Kòm enfliyans Fimen ta pral genyen te mete yo malalèz, gouvènman Sam nan nonmen Fimen minis Pari nan lane 1900 yon fason pou yo debarase peyi a de yon menas politik ki ta kapab pral vini. Men plan yo a te echwe. Absans Fimen te senpleman chofe patizan li yo ki te resevwa li tankou yon ewo lè li retounen nan finisman mwa me ak je li fikse sou prezidans lan. Fimen te kòmande yon pakèt patizan pasyone pami jèn elektè yo, li te pwomès  pou li fini ak koripsyon nan gouvènman an. Menm pwomès sa yo te katalyze opozisyon Fimen an tou, ki te detèmine pou kenbe pouvwa a.

Senèk M. Pyè, ansyen sekretè lagè, ak Kalistèn Foucha, ansyen sekretè trezori te poze kandidati tou, men pi gwo defi Fimen te soti bò kote Nò Aleksi. Manm yon fanmi elit ki konekte nan politik - papa li te okipe gwo pòs sou wa Kristòf - Aleksi te toujou yon eleman pèmanan nan lame Ayiti ak lavi politik la depi lane 1830 yo. Apre li te antre nan lame pandan adolesans li, byen vit Aleksi te jwenn pwomosyon, li te kad siperyè sou Janlwi Pyewo (1845-1846), yon nèg ki te gen 80 lane nan finisman syèk la, Aleksi te rete yon jeneral yo te respekte epi yon fòs politik enfliyan. An plis sa, kòm minis lagè nan gouvènman pwovizwa a, Aleksi te kòmande yon lame serye ki te pare pou bay anbisyon politik li fòs.

Nan mwa jen, Kap-ayisyen te tounen chan batay, yon seri batay politik. Pi ta nan mwa sa a, Aleksi te rive Kap-Ayisyen ak misyon ofisyèl pou li remete lòd nan vil la. Men nan dat 28 jen, jou eleksyon an, afwontman patizan Fimen ak patizan Aleksi nan lari te tounen yon gè sivil yo sanble pa te ka evite. Apre de jou batay, e kòm li te ap pèdi teren anfas fòs Aleksi yo, Fimen te ale Gonayiv kote li te denonse gouvènman pwovizwa epi deklare eleksyon yo gen magouy. Men vle pa vle, li te klè se pa vòt ki ta pral deside eleksyon an.

Sou chan batay la, avantaj Aleksi yo te klè. A tout sa, Fiminis yo te kenbe yon gwo atou estratejik nan bato lagè Krètapyewo. Soti jiyè antre nan mwa dawout, amiral Hammerton Killick ak ekip li a te ap fè patwouy nan dlo toupre kòt peyi a nan Krètapyewo a, sa ki te izole epi demobilize fòs Aleksi yo piti piti. Nan dat 2 septanm, Killick te pran yon Markomania a vapè alman ki te chaje a zam pou kan Aleksi a nan Kap-ayisyen. Aleksi, san pèdi tan, te avèti ofisyèl alman yo ki te denonse sa kòm yon ak piratri ki te voye Pantè pwòp bato lagè pa yo Gonayiv, kote yo te mande Killick pou li abandone Krètapyewo kòm yon rekonpans. Li te refize abandone bato li a bay alman yo, Killick te fè tout moun kite bato a, li te chita devan bato a epi li te limen yon fizib li te tache nan amiri bato a. Esplozyon Krètapyewo a, sakrifis Killick la make finisman enpòtan, ak senbolik lagè Fiminis lan, yon mwa pita, kòm kanpay li a pa te pote rezilta yo te ap tann yo, Fimen te ale Bahamas aprè li te ale poze Sentoma, la li mouri nan lane 1911. Nan dat 17 desanm, nan Pòtoprens, yon popilasyon ki fatige batay te deklare Aleksi nouvo prezidan Repiblik la.