« Desalinyèn ak Santnè endepandans Ayiti » (Rebecca Dirksen, Ph. D.)

Dirksen se yon etnomizikològ epi yon posdoktoran  nan Massachusetts Institute of Technology (MIT). Rechèch li yo fèt sou pouvwa ak politik nan mizik ayisyen.

Chak ane, nan premye janvye, Ayisyen fete endepandans nasyon an. Jou konje sa se komemorasyon douz lane revolisyon kont lesklavaj ak pouvwa kolonyal la ki te vin bay alafen premye Repiblik nwa lib nan mond modèn nan. Nan dat premye janvye 1904, selebrasyon syèk endepandans Ayiti a te fèt sou prezidan Nò Aleksi. Yo te mete yon asosyasyon nasyonal sou pye pou santnè a ki pou te dirije festivite yo.


Kòm youn nan premye aktivite yo, asosyasyon santnè a te òganize yon konkou im (chante) nasyonal. Konkou a te gen de pati. An premye, nan mwa jen 1903, powèt yo te pote maniskri potansyèl pawòl nouvo im nan. Yon jiri ki gen senk manm te chwazi yon tèks Jisten Lerison pou senplisite mesaj tèks la ak santiman patriyotik li. An patikilye, jiri konkou a te gen ladan avoka ak jounalis Estényo Vensan, ki ta pral vin prezidan nan lane 1930. Yon fwa yo te chwazi tèks la, asosyasyon santnè a te envite konpozitè pou bay mizik ki ap chita ak pawòl Lerison yo. Yon jiri apa, ki te gen ladan direktè okès palè nasyonal Oksid Janti, te estime patisyon Nikola Jefra te pi mache nan san yo. Yon ti tan apre konpetisyon an, yon istoryen doktè Kleman Lànye te pwopoze « La Dessalinienne » (Desalinyèn) kòm tit im nan pou venere jeneral Janjak Desalin, youn nan fondatè prensipal Ayiti.

Yo rakonte plizyè bagay sou premye soti Desalinyèn nan, sa ki te fèt nan mwa oktòb 1903. Premye fwa yo te jwe li se te petèt nan Senmak nan inogirasyon yon eskilti Desalin. Yon lòt kote, Ogis de Pradin (Kandjo), yon vokalis ki gen anpil renome, se petèt premye moun ki chante mòso a pou selebre rive lame nasyonal nan Pòtoprens san rapò ak evènman santnè a. Nan dat premye janvye 1904 la, yo te fè pi gwo kantite moun yo te kapab jwenn aprann im nasyonal la, jou selebrasyon endepandans lan yo te gide yon foul plizyè milye moun konsa kòm yon asanble ki te ap chante pawòl ak melodi yo. Nan jou sa, Desalinyèn nan te akonpanye chanjman non yon plas piblik enpòtan an « Place des Héros de l’indépendance » (plas Ewo endepandans yo) ak inogirasyon moniman yo ta pral konstwi nan yon ti tan nan memwa ewo revolisyon nasyon an: Desalin, Anri Kristòf, Tousen Louvèti, Aleksannn Petyon, ak nèg mawon an.

Yon sèl kou, Desalinyèn nan te parèt kòm yon senbòl libète ki pisan, men yo pa te janm deklare li kòm im ofisyèl jiskaske asanble nasyonal la nan mwa dawout 1919 te deklare sa. Yon lòt moman istorik mòso mizik sa a, se lè fanfa lame nasyonal la te jwe li nan finisman okipasyon Etazini an (1915-1934) kòm rekonesans pou souverènte Ayiti ki te retabli yon lòt fwa ankò. Sa ki byen enpòtan, yo pa te tradui im nasyonal la an kreyòl, lang majorite popilasyon an jiskaske Annsi Dewoz, yon chantè popilè, te kòmanse chante yon vèsyon kreyòl nan lane 1986.

Senk kouplè Desalinyèn yo anseye Ayisyen pou yo sonje zansèt yo, onore teritwa yo, epi mache ansanm kòm yon pèp ini. Rit byen pwenti, tenmpo ak melodi byen vivan ki konstwi byen djanm akote akò kote ou tande tout son apa olye ou tande tout yon sèl kou, tout sa yo kontribye ak yon mach militè e detèmine an menm tan. Jounen jodi a, timoun lekòl an Ayiti toujou chante Desalinyèn nan klas chak maten, yon kouplè chak jou nan semèn nan.

Maniskri orijinal im nan, nan mize nasyonal MUPANAH sou Channmas nan kè Pòtoprens.