«Yon lit ak Bank lan » Frederic Marcelin (1848 – 1917)

Yon ekstrè nan Question Sociale (1905). Marcelin te minis finans Nò Aleksi, menm jan ak Aleksi, li te vekse lè administrasyon fransè bank nasyonal Ayiti a te deside kenbe lajan an yon fason pou fè Leta asepte tout tèm ak kondisyon pa yo. Marcelin te ekri yon lèt nan jounal ayisyen Le Nouvelliste pou di nan yon ti moman ankò Ayiti ap plis nan grangou pase pou li ta sede. Leta refize suiv chat bank lan ki vle sèvi kòm trezori nasyonal, men toujou gen posiblite pou chita pale.

Pandan plizyè mwa, zafè bank sa a te okipe lespri tout moun nan peyi a. Menm jan avèk sa yo rele an Frans « Trouée des Vosges » yon gwo tonton vale, li te paralize, tout inisyativ yo te pran.


Jodi a tout bagay pase. Obsesyon an fini : lavi ka kontinye, daprè sa nou wè. Sa ki pi enpòtan ankò, nou ka egzamine sitiyasyon ekonomik nou an ki te leve kanpe lè bank nasyonal la te vle enpoze nou kondisyon ki ta pral nye tout sa ki la pou reglemante administrasyon an, sa ki ta ka tou pi gwo souflèt pou lwa nou yo ak enstitisyon nou yo si nou te asepte yo.

Se sou pawòl ofisyèl sa yo nou chita pou nou di menm si bank lan se li ki lakoz pwoblèm nou yo, li p ap ede nou rezoud yo. Li pito ap chèche pwofite de imilyasyon nou. Lè li te ap bat pou nou siyen yon amnisti jeneral. Nou reziste e nou ranpòte laviktwa. Ki sa sa te koute nou? 10 milyon nouvo biyè lajan ak kèk pèt ekonomik.

Nou kapab di sa te yon sakrifis pou lajistis, pou yon kòz sakre, ki nan lwa ki pwoteje nou kont bank lan ki koupab. Demen, lè yo ap ekri istwa, yo va esplike bank lan te mete men li sou kòf li yo lè li te pwopoze nou pou chwazi ant lawonte ak grangou. Pèp ayisyen an te chwazi grangou.

Li parèt ensèten pou mwen, pou Bank nasyonal la, yon enstitisyon Fransè pa fè yon efò patriyotik pou defann enterè pwòp ras li apre nou fin pike ògèy li ak detèminasyon nou. Nan pèspektiv sa a, fòk nou konvenki, nou p ap abandone li, istwa nou, lang nou, mantalite nou p ap pèmèt nou kite pou al chèche èd yon lòt kote ki pa Lafrans.

Esperyans sa a fè nou ta dwe espere enstitisyon sa a ap antre nan yon aranjman onorab ki pote fwi pou nou tou de.  Yon antant konsa ap mete bout nan enkonpreyansyon ki egziste nan mitan pèp ayisyen an ak Lafrans. Paske yon fwa yo anile desizyon pou sèvi kòm trezori deta, mo "nasyonal" la, ki nan yon non li genyen depi plis pase 25 lane, ap pase mòd.