« Migrasyon Ayisyen nan Kiba » (Matthew Casey, Ph.D.)

Casey se pwofesè asistan nan istwa nan University of Southern Mississippi. Nan piblikasyon li yo, nou jwenn yon atik nan New West Indian Guide ak yon chapit nan koleksyon ki gen pou tit Haiti and the Americas (2013).

Nan premye dizèn lane ventyèm  syèk la, 200 000 Ayisyen konsa kite Ayiti  pou ale nan lès Kiba. Nan lane 1913, gouvènman Kiba a te bay konpayi sik yo pèmisyon legal pou rekrite travayè nan Karayib la pou rekòt ane a. An reyalite, menm avan legalizasyon an, Ayisyen te ap antre Kiba anchikèt. Migrasyon ayisyen nan Kiba vin ogmante apre 1915; sa te reprezante youn nan repons Ayisyen yo ak tranfòmasyon sosyal, politik ak ekonomik okipasyon ameriken an. Pi fò Ayisyen ki te ale Kiba te gason, men 10 000 fanm konsa te fè vwayaj la tou. Migrasyon an te okazyone boulvès nan Kiba, anpil sektè nan sosyete kiben an te ap  plenyen Ayisyen yo te pote maladi ak pratik moun ki pa sivilize ditou tankou vodou nan Kiba, an menm tan, yo te ap vòlè salè travayè kiben natifnatal. Yon lòt bò, konpayi sik yo, te depann de travay imigran yo, pifò nan yo te pou ameriken, genyen ki te pou yo nèt (a san pou san), epi yo te aksyonè nan sèten lòt.

Nan Kiba, brasewòs ayisyen yo te ansanm ak plizyè lòt labourè ki gen moun ki soti an Espay, an Chin, toupatou nan Amerik la. Administratè konpayi yo te chèche divize travayè sou koulè, lang, oswa peyi pou evite grèv. Nan sistèm segregasyon sa a, Ayisyen yo se pozisyon koupè kann yo te toujou ba yo. An reyalite, fwontyè nan mendèv la te fleksib anpil. Kèk Ayisyen te vin jwenn grad nan kan labourè yo. Yo te gen gwo entèraksyon ak moun lòt nasyolite pandan travay oubyen pandan tan lib yo. Yon bon santèn Ayisyen ki konn li ak ekri te ap viv nan vil Kiba yo.

Nan Sanntyago nan lane 1926, yo te fòme yon branch Inyon patriyotik, òganizasyon ayisyen ki te kanpe kont okipasyon ameriken yo.
Nan finisman rekòl la, kèk Ayisyen te tounen nan peyi yo, lè salè yo te wo, kèk nan yo te reyisi tounen achte oubyen lwe tè an Ayiti. Nan lane bagay yo pat bon, , migran yo te tounen apovri. Kèk lòt te rete Kiba apre rekòl la. Yon bon valè nan sa ki te rete yo te jwenn travay nan ti endistri kafe Kiba  ki te ap grandi seryezman.

Nan lane 1931, gouvènman Kiba a te frennen migrasyon Ayisyen yo. Tout pandan lane 1930 yo, yo te depòte 40 000 Ayisyen konsa soti Kiba. Kwak sa, plizyè milye Ayisyen yo pa mansyone te rete Kiba  kote desandan yo ap viv toujou.