« Kilti Ayisyen yo nan Kiba  » (Grete Viddal)

Viddal se doktoran nan depatman Etid sou Afrik ak Afwo-Ameriken nan Harvard University. Li pibliye atik sou eritaj Ayisyen kite pou Kiba nan New West Indian Guide (2012) ak Making Carribean Dance (2010).

Pwovens nan lès Kiba yo te resevwa de gwo vag migrasyon ki te soti nan zòn nou rele Ayiti kounye a. Soti 1791 rive 1804, kòm enstabilite ak vyolans te ap boule koloni Sendomeng nan, nan lane avan Revolisyon ayisyen an, kèk dizèn milye refijye (pami yo ou te jwenn plantè, esklav domestik, milat lib) te vwayaje nan lès Kiba, sa ki bay vil Sanntyago ak Gwanntanamo yon ti gou « Fransè ». Esklav ki te ap travay nan plantasyon kafe plantè yo te tabli yo te fòme asosyasyon « Tumba Francesa » sa ki vle di « Tanbou Fransè », asosyasyon sa te ap anime salon dans estil mizik afriken. Twa klèb konsa toujou egziste nan Kiba jounen jodi a, e UNESCO te deklare yo patrimwàn kiltirèl nan lane 2003 se : La Caridad del Oriente nan Sanntyago,  la Pompadour nanGwanntanamo, epi la Tumba Francesa de Bejuco nan yon pwovens Holguín.

Nan premye dizèn lane ventyèm  syèk la, kèk santèn milye travayè antiyè - majorite nan yo se te Ayisyen - rive Kiba kote yo te ap chèche travay nan endistri sik ki te ap agrandi ; Kiba te fenk pran endepandans li. Kèk te retounen an Ayiti, an menm tan, plizyè te tou rete Kiba nèt. Otorite yo, politisyen ak laprès souvan te konn lage chay sou do koupè kann Ayisyen an, yo te konn rele pratik espirityèl yo pratik dyabolik, mès sosyal yo yo te trete yo mès primitif, epi te fè plizyè bri panik sòsèlri kouri nan kòmansman lane 1900 yo. Lè sitiyasyon ekonimik Kiba te anpire pandan peryòd depresyon lane 1930 yo, yo te vize Ayisyen yo pou depòtasyon. Anpil te ale kache nan kominote izole nan mòn yo.

Apre revoliyon Kiba a an 1959, pwojè devlopman te ap amelyore kominote pwovens yo, e yo te bay Ayisyen ki te rezide Kiba yo sitwayènte peyi a. Men yo te toujou marye kwayans espirityèl Ayisyen yo ki te toujou la, mizik, dans, langaj, kilti yo ak kizin yo ak izolasyon andeyò ak povrete. Pandan kèk dizèn lane ki pa twò lwen, popilasyon desandan Ayisyen nan Kiba yo te kòmanse valorize seryezman kontribisyon yo nan melanj etnik Kiba a, ak gwoup fòlklorik yo te ap fòme, festival patrimwàn yo te ap inogire, ak pwojè atistik yo te ap lanse. Nan kèk evènman ki prezante Ayisyano-kiben yo nou jwenn Festival del Caribe nan Sanntyago, Festival Eva Gaspar en Memorium nan pwovens Ciego de Ávila, Encuantro bwa Kayiman nan San German, Holguín ak Bannzil Kiba, Kiba Kreyòl nan Lahavàn. Yon kolonn atis ki enspire yo de sa yo rele Vodú, Taller Experimental Ennegro fonde yon koloni atis ekolojik ki ap dire nan Palma Soriano nan pwovens Sanntyago. Nan piblikasyon ki prezante eritaj Ayisyen Kiba yo nou jwenn Caidije yon monografi etnografik Guanche ak Moreno ekri (1988), fim dokimantè Huella Roberto Román reyalize (1986) ak liv El Vodúen Cuba James Millet ak Alarcón ekri (1998) La Casa del Caribe yon enstiti rechèch kiltirèl nan Sanntyago, ki toujou patwone pèfomans tradisyon lokal ayisyen yo.