« Pèsekisyon Siryen yo » Alain Turnier (1915-1991)

Yon ekstrè nan liv Turnier : Les États-Unis et le marchéhaïtien (1955). Turnier se te yon istoryen, ekonomis, òmdeta ayisyen repite. Nou kapab note, istorikman Ayisyen yo rele popilasyon arab ki te sou zile a Siryen, men an reyalite anpil Arab ayisyen yo se te kretyen Libanè.


Ozalantou 1893, Siryen yo ki te ap vin pi plis de jou an jou, te mete deyò epi vann machandiz nan lari yo ak plas piblik yo.

Plizyè fwa gouvènman an te akize Siryen yo pou fo biyè lajan. E anbasad ameriken te menm admèt akizasyon sa yo pou laverite.

Men pi gwo ènmi Siryen yo, sa ki te plis reprezante yon pwoblèm pou yo, se te machann etranje ki plen esperyans yo paskekonpetisyon an te menase plas yo nan sosyete a, pouvwa ekonomik yo ak plasman politik yo.

Ak èd etranje ki pa te nan zanmitay ak Siryen yo, yo te pibliye yon ti jounal yo te rele “LAnti-Syrien”, non ki te deja di ki sa ki te ladan.

Nan dat ki te 5 dawout 1883, yon foul solda ke komèsan etranje yo te peye atake etablisman Siryen yo ak kout wòch… kominote Siryen yo te mande Etazini pwoteksyon. Yo pa te ale kote Fransè yo paske reprezantan fransè a Descos, te di Powell, minis ameriken an, kategorikman li pa bay Siryen yo regle anyen pou li paske Siryen yo ap menase enterè komèsyal komèsan fransè yo an Ayiti.

Nan pwoklamasyon ki fèt nan dat 18 mas 1905 lan, gouvènman ayisyen an te fè tout Siryen san esepsyon fèmen boutik yo ant 31 me ak premye avril. Anpil Siryen te gentan kite peyi a e yon swasantèn anplis ta pral kite peyi nan bato a vapè nan dat 31 mas. Yo te pè pou tout eksitasyon sa yo pa te mennen yo nan piyaj ak ensandi.