« Lagè Alexis a. »  (Gérard Jolibois)

Yon ekstrè tèks Jolibois Lexécution des Frères Coicou (1986). Jolibois te yon istoryen, yon jounalis. Pi ba a li esplike ki jan lè Fimen te eseye retounen an Ayiti an 1801, Aleksi te deplwaye milis li a « Zenglen » pou atake sipòtè Fimen yo. Nan siy senpati ak Fimen, Jolibois raple ki jan Aleksi te egzekite twa frè Kwakou yo, ki te fiminis jis nan zo.


Nan mèkredi 15 janvye 1908, teledyòl rapòte Latibonit te leve kanpe kont gouvènman an. Antenò Fimen ak sipòtè li, yon ansyen delege popilè Latibonit, jeneral Jan-Jimo te rive nan Gonayiv.

Repons gouvènman te rapid epi brital… nan Gonayiv tankou nan Senmak revolisyonè yo, menm Fimen, te al pran refij nan konsila etranje. Yo te kaptire jeneral Jan-Jimo nan Desalin kote yo te fiziye li nan menm moman an.

Nan dimanch ak lendi, 15 ak 16 janvye 1908, nouvèl la te gaye nan kapital la. Fanmi ki te ap sipòte oubyen ki te renmen Antenò Fimen yo te toumante, yo te pè anpil tou.

Nan lannuit samdi 14 ak dimanch 15 mas, yo te egzekite twa frè Kwakou yo (Oras, Masiyon, Pyèlwi) deyò simityè Pòtoprens. Yon douzèn moun te sibi menm sò a tou.

Nan moman Zenglen yo te ap siyonnen tout lari, yo arete moun, yon milye moun konsa, pifò nan yo te entèlektyèl ak manm elit la, te al chèche azil nan anbasad ak konsila nan kapital la.