« Nò Aleksi tonbe » Harold Courlander (1908-1996)

Yon ekstrè liv Courlander a ki rele The Drum and the Hoe (1960). Courlander se te yon ekspè nan mizik ak fòlklò. Nan liv sa a, li reprann yon pakèt chante Ayisyen, pami yo youn sou Nò Aleksi, youn sou Antwàn Simon.


Nò Aleksi te rete sou pouvwa a jis nan lane 1909, lè sa a li te gen plis pase 80 lane. Li te planifye pase pouvwa bay jeneral Jan Jil, ki te pral kontinye ak prensip administrasyon an. Men Antwàn Simon, yon delege nan sid te gen lòt plan. Li te mache sou Pòtoprens ak yon lame twasan kako, ki te ap  chante:

« Tonton Antwàn pa nan betiz
Li vini ak lame sid la zanmi m
L ap fè w mache zigzag
De bò, de bò, de bò
Nèg nò mande fiziye
De bò, de bò, de bò
Nèg nò mande korije »

Aprè Nò Aleksi kite palè a, epi anbake pou Jamayik, Antwàn Simon vin prezidan. Istoryen souvan rele peryòd ki vin apre a, epòk gouvènman efemè (pou yon ti bout tan). Simon pa te nan palè a pandan lontan. Yon nonm yo rele Sensinatis Lekont te kanpe ak siksè yon nouvo mouvman Kako nan nò e pèp la te ap  chante :

« Antwàn Simon bat zèl ou pou ou ale!
Ou pa tande lame Lekont Gonayiv »