« Yon bidjè ki pa ekilibre » (Antoine Bervin)

Yon ekstrè liv Louis-Edouard Pouget : Diplomate, tribun, homme politique et journaliste (1988) Bervin ekri. Bervin te yon piblisis ki te sèvi sou prezidan Estenyo Vensan. Pi ba, Bervin esplike kijan minis finans Antwàn Simon, Lwi Edwa Poujè, te vini avèk prensip pèp la pa te tolere ditou. Osito yo te mennen Poujè an egzil, Simon tonbe fè move envestisman, tankou wout ray Makdonal la.

Le 15 fevriye 1910, prezidan Antwàn Simon fè Lwi Edwa Poujè konfyans nan kès finans ak komès la. Poujè te entimide devan gwo travay sa yo te ba li a… nan yon rankont ak komite bidjè ak kont chanm depite a nan dat 18 me 1910, Poujè te souliye politik ekonomik li ki te yon triyonf pou prensip ekonomi yo, pou yon ekonomi rasyonèl. Yon fason pou di politik li a ap asire li  ke yo peye taks yo, epi depans piblik yo te ap  rete nan  limit revni Leta a fè.

Ak detèminsyon pou li kanpe dappiyanp ki te ap ogmante, minis la te angaje anplwaye espesyal pou sipèvize kantite machandiz ki chaje ak dechaje nan chak pò. Li te pran mezi sevè pou pini moun ki bay manti sou chaj yo pote. Li te mete regilarite nan koli lapòs yo. Li te vin ak yon tenm pou sèvis kliyantèl ak sistèm kontaj pou elimine travay administratif eksesif yo ak amelyore òganizasyon an. Li te kreye de nouvo pwen kontwòl pou asire li kafe nou an pa pral jwenn vwazen nou yo san takse.


Poujè te kont taks ak eksè taks sa a ki te blese komès nou an. Li te kont prè. Li te kont tout prè, tout acha nouvo, taks oubyen nouvo prè te ap gen pou peye, sa ki te yon fado pou pèp la. Mete sou tout sa li te pran an chaj travay engra pou fikse angajman finansye pase, prezan, fiti pou yon Leta ki te toujou gen yon defisi.

Finalman Poujè te gen pou li fè fas ak tout kalite mizè travay minis li te trennen dèyè li, enjistis yo, difamasyon yo, move jan tout moun. Poujè te minis pandan mwens pase kat mwa. Li te demisyone pou li te pwoteste kont yon prè 65 milyon fran Fransè yo te fè. E pandan li ap kite, li te ensiste pou li deklare se li ki « anperè » ministè li a.