« National City Bank an Ayiti » (Michael L. Krenn, Ph.D.)

Krenn se pwofesè istwa nan Appalachian State University. Li ekri plizyè liv, tankou U.S. Policy Toward Economic Nattionalism in Latin America, 1917-1929 (1990) ak The Color of Empire: Race and American Foreign Relations (2006).

Premye fwa National City Bank of New York parèt an Ayiti se te nan lane 1911. Lè sa a, akoz li te ap koube anba presyon gouvènman ameriken an, bank lan ak plizyè lòt enstitisyon finansye ameriken te gen dwa pou achte 50% enterè nan Bank Nasyonal Ayiti. Prezans National City Bank an Ayiti te devlope byen rapid. Youn nan fonksyonè li yo, Roger Farnham, te vin vis prezidan bank lan, nan lane 1913 yo te nonmen li prezidan National Railway of Haiti. Nan lane 1914 Farnham ki te an kontak pèmanan ak prezidan Woodrow Wilson ak Sekretè deta William Jennings Bryan, pa te sispann mete aksan sou enstabilite gouvènman ayisyen an ak posiblite pou sa menase enterè Fransè ak Alman ki te repoze sou  envestisman Ameriken yo.


Apre entèvansyon lame ameriken nan lane 1915, National City Bank te travèse vin konsolide anpriz ekonomik li sou Ayiti, premyèman li te pouse lòt bank ameriken yo deyò nan Bank nasyonal la epi li te achte rès enterè pa Fransè yo nan lane 1919. Yon sèl kou, san delè, Bank Nasyonal Ayiti a te tounen yon lòt branch nan jeyan finansye Nouyòk la. Yo te fòse Ayiti peye National City Bank pou sèvis li ta ofri kòm trezori nasyon an, yo te fè transfè pou anviwon 3 milyon dola soti nan Bank nasyonal Ayiti ale nan kaye jeneral National City Bank nan Nouyòk avèk tikras enterè. Ant 1922 e 1925, National City Bank te bay Ayiti twa prè ki te depase an total 23 milyon dola. Li te fè pwofi pou omwen 1 milyon dola. Pi gwo lamàn National City Bank lan te jwi se nan lane 1922 lè gouvènman Ayiti a, anba presyon gouvènman ameriken, te dakò finalman ranbouse ansyen bon pou National Railway yo - swasant pousan ladan te pou National City Bank. Pwofi yo te fè nan afè sa a te ap kouri sou 3 milyon dola konsa. Nan lane 1920, nan yon piblikasyon The Nation, yon otè aktivis Afwo-Ameriken yo rele James Weldon Johnson dekri sa li te rele “National City Bank anglouti finans Ayiti”, e plizyè lòt nwa ameriken te pataje degou aksyon Ameriken yo te ba yo. Nan lane 1935, yon lane apre Ameriken te mete bout nan okipasyon militè Ayiti a ofisyèlman, National City Bank te vann Ayiti bank lan. Etazini te kontinye administrasyon finansye li  rive jis an 1947.