« Wout ray Ayiti yo » (Georges Michel Ph.D.)

Michel se yon istoryen, yon jounalis. Li te ekri plizyè liv tankou Les chemins de fer dile dHaiti (1989). Se te nan lane 1876 yo te enstale yon premye sistèm chemennfè nan peyi d Ayiti. Se te yon sistèm tramwe cheval te konn rale ak yon espas 76 santimèt ki te sanble mache ak yon tren ak vapè sou fwontyè Ayiti ak Repiblik dominikèn ki te fèt lontan aprè. Apre sa, te gen anpil pwojè chemennfè ki te echwe tankou sa yo te pwopoze nan lane 1875 ki te fè gwo deba. Se Senmak ak Leyogàn yo te ap etabli epi yo te ap gen yon espas (antray) metrik. Te gen yon lòt pwoje nan lane 1880 sou Lisiyis Salomon, li menm tou te ap gen yon antray metrik men se sou fwontyè a yo te ap tabli li. Nan lane 1893, Doktè Nemou Ogis pwopoze yon rezo pou rejyon nò a ki te gen yon segman (pati) ki te fèt nan ta.


Nan lane 1895, Compagnie des Chemins de fer de la Plaine du Cul-de-Sac (PCS), yon konpayi alman te achte sistèm tramwe a nan Pòtoprens epi angaje li pou konstwi twa liy rejyonal soti Pòtoprens rive sou fwontyè a, Leyogàn ak Petyonvil. Te gen yon espas ki te 76 santimèt oubyen 30 pous. Liy ki te ale sou fwontyè a te fini nan mwa septanm 1903. Liy ki te ale Leyogàn nan te fini nan lane 1910. Epi sa ki te ale Petyonvil la te kòmanse men li pa fini. PCS te pote kann pou izin HASCO ki te kòmanse nan lane 1918. Nan lane 1932, li kanpe tout transpò pasaje li yo avèk trafik machandiz yo lè gouvènman Estenyo Vensan an pase li bay HASCO kòm pati yon echanj kote HASCO te ap fè sa li vle ak PCS, pou pote kann soti nan plantasayon li yo. Li te toujou egziste men li te sèlman yon pati nan HASCO jis lè yo te vann li nan lane 1992. Nan lane 1983, liy Leyogàn nan te demantle epi liy ki te ale sou fwontyè a ak sa ki pa te fini Petyonvil la te demantle touswit apre dezyèm envazyon peyi Etazini an. Travayè ameriken yo te vòlè yon pati nan ray la.

Nan lane 1906, yo konstwi yon liy depi Gonayiv avèk yon dimansyon 1 mèt 067 de 42 pous  (avèk yon materyo ki soti Japon oubyen Afrikdisid) tankou yon pati nan rezo a ki pi long, soti Gwomòn rive Ench. Nan lane 1913, li rive Ènri ki gen 33 kilomèt distans avèk Gonayiv, anvan yo te demantibile li an 1925. Yon lòt liy ki soti Kap-ayisyen pou rive Gran-Rivyè-di-Nò ak Bawon te kòmanse konstwi nan lane 1898. Li rive Gran-Rivyè-di-Nò (26 km depi Kap-ayisyen) nan lane 1905 epi Bawon nan lane 1903 (39 km depi Kap-ayisyen). Yo pa te janm lonje li alopoze tay/dimansyon sa a ki te planifye anvan. Le li te orijinal, li te gen yon espas ki te 30 pous epi Compagnie Nationale des Chemins de fer dHaïti te chanje li nan nivo estanda ki se 42 pous. Se Djenms P. Makdonal, yon gwo biznismann ameriken, ki te favorize kontra konpayi sa a epi gouvènman Antwàn Simon an te otorize li nan lane 1910. Yo te dwe konstwi yon liy soti Pòtoprens pou ale Kap-ayisyen, pase Akayè, Monwi, Senmak, Vèrèt, Lachapèl, Mibalè, Laskahobas, Tomasik, Ench, Piyon, Savanèt, Bawon, Gran-Rivyè-di-Nò e Kap-ayisyen. Pou rezon sa a, li achte liy Gonayiv-Ènri a ak Kap-ayisyen-Bawon an ki te gen yon espas orijinal li ki te chanje a 42 pous.

Lide chemennfè Pòtoprens/ Kap-ayisyen gwo biznismann ayisyen, Wodòlf Gadè, ki te soti Gonayiv la pa te ateri nan lane 1906, se li ki te fè pwomosyon pou liy Gonayiv-Ènri a. Liy ki te ale Senmak la te fini nan lane 1913 epi li te rive Vèrèt nan lane 1926. Gen anpil nan seksyon li yo ki pa te fèt. Konsa, li pa te janm abouti Kap-ayisyen. Liy Kap-ayisyen / Bawon an te kanpe transpò pasaje ak kagezon yo nan lane 1952 men li kontinye pote danre, espesyalman pit pou konpayi SHADA jis nan 1960 yo. Yo te demantle liy nan lane 1965 yo. Tonton makout yo te vòlè ray li yo ak materyèl woulan yo. Gen ray yo te itilize pou fè poto limyè e kèk lòt yo te itilize pou fè tribin nan aktyèl estad foutbòl Kap-ayisyen an. Liy Senmak-Vèrèt la te travay regilyèman jis an oktòb 1963 lè siklòn Flora te detwi yon pati nan santye li a bò dlo-fon an nan Senmak. Domaj sa yo te ka repare fasilman. Anplis pasaje, bannann ak tout lòt kalite machandiz, chemennfè a te gen kontra pou transpòte farin, siman depi faktori ki sou wout li yo pou rive Pòtoprens. Li te sèvi ak plantasyon pit SHADA yo nan zòn Senmak. Poutan, Papa Dòk Divalye pa te deside repare liy sa a epi fèmen chemennfè a. Konsa, Tonton makout ak patizan fou li yo te ka vòlè 140 kilomèt ray ak tren (materyèl woulan) li yo. Menm jan ak liy Kap-ayisyen an, makout  yo te vòlè chodyè tren ak vapè yo epi itilize yo nan distilri ak faktori luil pou manje. Konsa, farin ak siman te transpòte nan kamyon pou antre Pòtoprens. Epi yo te fòse izin blòk Labodri a kanpe aktivite li yo paske transpò kamyon twò chè pou wòch lou yo ka transpòte Pòtoprens. Yon ti seksyon sèlman ki soti Twou-Bagèt pou rive Tamaren, tou pre Senmak, ki te travay sou direksyon SHADA pou pote rekòt pit nan izin li nan Monwi. Nan lane 1971, pati ray ant Twou-Bagèt ak Monwi a te fèmen epi yon fwa ankò Divalyeris te vòlè yo.

Dènye pati liy Monwi ak Tamaren an te kontinye travay pandan kèk ane ankò ap pote pit men li kanpe lè izin SHADA Monwi a te vin fèmen nan lane 1978. Fwa sa a, Divalyeris yo te demantle epi vòlè ray yo avèk materyèl woulan (tren) yo nan lane 1979. Makout yo te piye atelye ak estasyon prensipal Fresino a, ki te pi modèn nan Karayib la. Kounye a, se yon bidonvil ki nan plas li a nan antre vil Senmak. Te gen ti chemennfè tou nan peyi d Ayiti. Te gen yon sistèm ray nan plantasyon pit Dofen an ki te nan pati Nòdès Ayiti ki te gen yon espas 76 santimèt avèk ray leje ki te 30 liv/yad ki itil pou Fayeton ak Derak. Li te travay depi lane 1920 yo pou rive nan finisman lane 1980 men yo te demantle li nan lane 1990 yo. Te gen yon liy sanblab ki te ap travay nan pati lwès rezo a ki te itilize nan plantasyon pit nan Madras. Konsa tou, nan finisman diznevyèm   syèk la te genyen yon wout ray 18 kilomèt yon konpayi Alman te konstwi pou relye Basenble ak pò Pòdepè a ki te bay sou Atlantik la. Yo te demantle li nan lane 1930 yo. Te genyen tou yon wout ray Dekovil ki te sèvi pou transpò pasaje ak machandiz nan lès zile Latòti. Yo te demantle li nan lane 1930 yo tou. Ray yo te gen yon ekatman 24 pous sou chak santimèt. Se anjen a vapè ak materyèl woulan yo te itilize sou yo. Epi, an dènye, te gen yon ti wout ray nan sid Dam-Mari ki te konn sèvi plantasyon kakawo frè Simonn yo, men ki te konn pote pasaje ak machandiz nan vwazinay la tou. Li te itilize menm vwa 24 pous sou chak santimèt yo tou. Nan lane 1950 yo, te gen plizyè lòt liy Dekovil divès longè nan plantasyon agrikòl yo nan tout peyi Ayiti ki te sèvi avèk menm vwa 60 santimèt oubyen vwa ki te pi piti toujou.