« Lagè Lekont lan » (Staff editoryal Island Luminous)

Desizyon Antwàn Simon te pran pou li bay yon Ameriken, Djenms Makdonal konstwi epi tou posede yon wout ray pa te fè pèp la plezi. Kominote alman yo espesyalman te fache, paske wout ray Makdonal la ta pral kreye konpetisyon ak pwòp komès pa yo. Pou rezon sa a, Alman yo te al sipòte advèsè Antwàn Simon, Sensinatis Lekont.

Lekont se te pitit pitit pitit Desalin e li te deja sèvi sou de prezidan: Simon Sam ak Nò Aleksi. Li te prèske monte sou pouvwa nan lane 1902 jiskaske Aleksi ak Fimen antre nan batay pou prezidans lan, nan lane 1910, Lekont te detèmine pou jete Antwàn Simon epi pran plas li kòm prezidan.

Nan batay pou ranvèse Simon, Lekont te jwenn èd Orès Zamò, Davilma Tewodò, Vilbren Giyòm, yo chak ta pral vin prezidan. Men se Lekont ki te lidè. Nan lane 1910, Orès Zamò ansanm ak frè li, Chal, te ede Lekont jwenn yon lame peyizan. Yo te rele solda lame sa a yo « Kako ». Lekont te menm fè yon alyans ak kòmandan lame dominiken Desiderio Arios pou kanpe anfas Antwàn Simon.

Lagè a pa te dire lontan prezidan Simon te atake Lekont ak alye li yo nan Kap-ayisyen, men li te pèdi e li te oblije bat ba nan Pòtoprens. Lidè nan sid yo te chanje kan e yo te antre nan revolisyon an. Se la atò Simon te abandone e li te monte abò yon bato ki te mennen li an egzil nan peyi Jamayik nan dat 11 dawout 1911, Lekont vin prezidan Ayiti.