« Lekont ap fè peyi a mache » (Estaf editoryal Island Luminous)

Lè Sensinatis Lekont vin prezidan nan lane 1910, li te fè yon pwomès fòmèl pou li amelyore enfrastrikti, peye dèt piblik, ouvè edikasyon an epi refòme lame a. Se pa te pawòl anlè. Lekont te nonmen minis ki gen talan pou mete nouvo prensip yo so pye. Pou amelyore disiplin nan lame d Ayiti Lekont te mande minis Lagè li a H.L. Filip pou li redui nan kantite manm lame a epi konstwi lòt kazèn, kazèn Desalin nan Pòtoprens.

Lekont pa ta pral kite bato lagè ewopeyen tiranize Ayiti, jan sa te fèt nan tan pase poutèt dèt. Li te mande minis Finans li Edmon Lespinas pou li asire li Ayiti peye dèt li e kolekte taks yo. Lekont te deklare ak radiyès « tout istwa imilyan akoz nou pa te ka jere finans nou ak dwàn nou an ap fini jodi a. » Li te fè pwomès « Leta ap mete plis atansyon sou diyite nasyon an » (Nou li pawòl sa yo nan : Exposégénéral de la situation de la République dHaïti, 1912).


Ansuit, Lekont te nonmen Djonn Lawòch kòm minis Travo piblik. Sou Lawòch, Leta te repare wout, monte pon, enstale kab telegraf. Lekont te ensiste pou li di « Ayiti angaje li nan travay pou amelyore wout yo, edifis piblik yo ak riyèl ki te nan move kondisyon yo. »

Minis Lekont ki te pi dinamik se Tètilyen Gilbo, Minis Edikasyon an. Gilbo te peye moun kòm enspektè lekòl pou asire yo lekòl yo byen konstwi, pwofesè yo byen fòme e byen touche. Gilbo te esplike : « chak semèn enspektè yo dwe vizite tout lekòl ki tou pre kay yo. E chak mwa yo dwe vizite lòt lekòl nan vil kou nan pwovens ki nan distri yo, e yo gen pou bay ministè a yon rapò chak mwa.