« Premye Machin yo » (Adam M. Silvia)
Silvia se doktoran nan istwa nan depatman istwa Florida International University. Tèz li a gen pou tit: Making Haiti Modern: Nation Building and the American Civilizing Mission in the Cold War Era. Se li menm tou ki kreye  pwojè “An Island Luminous” la.


Machin te rantre nan peyi a ant 1912 e 1913. Pifò nan yo se te modèl ameriken, Buicks ak Ford. Se yon fanmi komèsan ki te rich ki te rele Mez, ki te enpòte yo. Moun ki te gen lajan yo te ankouraje  pou al achte yon machin, oubyen yo te ka ale lwe youn nan « Compagnie des Automobiles » nan Pòtoprens. Men, o kòmansman, te gen yon sèl ponp gazolin nan tout peyi a e se pou Mez yo li te ye tou. Lwi Mez, yon biznismann malen, te konn ki jan pou li vann yon machin. « Ale tout kote, nan nenpòt wout » li te konn asire moun yo : « yo fèt espesyalman pou vye wout .»

Lè Lwi Mez te di (machin) Ford li yo te ap woule toupatou nan lemonn, li pa te bay manti. Konpayi otomobil Ford te vann machin tout kote ki gen moun nan Amerik Latin nan, li te voye reprezantan reyini ak biznismann lokal yo ki te achte modèl A a oubyen lòt machin yo te revann lè sa a. Jan istoryen Mira Wilkins te di a « solèy pa te janm kouche sou konpayi otomobil Ford. »

Menm jan lelit kapital la te adore machin yo, se konsa machin yo te kreye nouvo pwoblèm. Yo te pote aksidan tou. Nan ouvraj plizyè volim istoryen Jòj Kòvington, Port-au-Prince au cours des ans, li esplike : « pifò aksidan yo te fèt akoz chofè ki pa te pridan men gen kèk aksidan ki te fèt akoz sikonstans inevitab, kèlkeswa lè yon machin a tout kous fè kè yon cheval ak tout pousèt sote te gen yon aksidan. Se poutèt sa, nan lane 1912, Leta te bay premye limit pou kouri machin an Ayiti, ki te  douz mil alè.

Pandan gen kèk moun ki te wè oto yo kòm senbòl pwogrè, kèk lòt pa te fin kwè sa. Nan jounal Le Matin, yon entèlektyèl ki rekoni, Leyon Lalo, te note jan lari yo te gen sant faktori. Li te ekri : « nou gen oto kounye a, nou tèlman gen oto kounye a, lari yo ki te pezib anba plènlin nan aswè kounye a ap fè bri san rete chak fwa yon kawotchou frape yon wòch epi chofè ki  enève  e  li ap klaksonnen san rete. » Lalo te obsève jan se fèwè ak jalouzi sèlman machin yo te pote. Li te esplike : « Lanmou pou oto yo ouvè je youn, li souke nanm yon lòt. », « lè yon moun ap mache plas Jefra epi li wè liy machin yo ki ap repoze, li wè chofè yo, mèt lari yo, ak kè kontan, anvi chofè anpare moun sa a. »

Machin yo se te senbòl yon estati sosyal. Sèl yon ti minorite ki te gen lajan pou achte youn. Kontrèman ak Etazini kote Modèl T Ford la ki te nan yon pri abòdab  te yon senbòl demokrasi an Ayiti Ford se te senbòl richès ak inegalite.