« Legliz katolik ak vodou » Alfred Métraux (1902-1965)

Yon ekstrè Le vaudou haïtien (1959) Alfred Métraux ekri, Hugo Charteris tradui an Anglè. Alfred Métraux se te yon antwopològ suis ki te ale Ayiti ak UNESCO nan lane 1940 yo pandan li te nan Vale Mabyal, li te etidye Vodou a.

Pifò  prèt katolik an Ayiti soti an Bretay kote gen yon seminè espesyal pou fòme yo. Lè yo pa annafè avèk bon katolik ki te gen ti sipèstisyon ki pa bay twòp pwoblèm, yo te twouve yo anfas manm pawasyen ki enfòme e ki gen relasyon avèk espri yo. Prèt yo santi yo pèdi, san sekou. Ni milye kote yo te  viv avan ni fòmasyon yo pa te pèmèt yo fè fas ak eta koze sa yo. Olye yo pran pitye pou inyorans ak kredilite twoup yo a, plizyè nan yo, kit yo te Ayisyen oubyen Fransè, yo wè vodou a kòm zèv djab la, yon manifestasyon denmon ki mande pou yo goumen kont li ak tout mwayen legliz gen nan men li.

Premye tantativ ofisyèl legliz pou konbat vodou te fèt nan lane 1896. Evèk Kap-ayisyen an Franswa-Mari Kèsizan te lanse yon kanpay kont sipèstisyon, yon kanpay konferans, sèmon ak rasanbleman ki te debouche sou kreyasyon « Lig kont vodou a » yon òganizasyon ki te sou kont kire pawas yo, men siksè lig la pa te twò parèt pase sa. Nan yon diskou nan yon asanble legliz, Monseyè Kèsizan te plenyen li pa te jwenn sipò otorite yo; atout prezidan an te asire li pèsonèlman li te ap sipòte li. Li te kontinye konsa : « Nan kèk zòn, menm moun ki edike, ki entelijan kanpe dèyè fetichis e sa ap fè nou pèdi fidèl yo ».

Nan menm lanse a, pandan li te ap denonse tout mal vodou a, Monseyè Kèsizan te menase vodouyizan yo ak gwo sanksyon. Moun ki patisipe nan seremoni yo pa te ka batize timoun e, pou yo jwenn yon chans pou sa, yo te dwe ale kote evèk dyosèz la.